Selon yon rapò yo pibliye ayè lendi 23 desanm 2024 la, Nasyonzini fè konnen chèf gang Mikanò te masakre plis pase 207 ti granmoun melanje ak jèn moun nan Waf Jeremi. Yo eksplike gen nan moun yo ki mouri, se paske yo t ap eseye kite zòn nan, gen lòt tou endividi ak zam yo te akize kòm moun ki t ap bay medya yo enfòmasyon sou krim nan.
« Sòti 6 pou rive 11 desanm 2024, yo tire plis pase 207 moun, 134 gason ak 73 fanm. Pifò ladan yo se te granmoun, yo akize yo kòm lougawou ki te lakoz pitit chèf gang lan te malad », daprè presizyon Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak Wo Komisarya Nasyonzini pou dwa moun (HCDH).
Nan detay ankèt responsab yo bay la, yo soulinye yo jwenn viktim yo te rete nan 5 katye diferan anndan Waf Jeremi. E moun sa yo, avan yo te jwenn lanmò yo, BINUH fè konprann chèf gang nan t al pran yo lakay yo pou poze yo kesyon avan li rive touye yo, boule yo, rache yo epi jete rès kò kèk nan yo. Tout sa yo, daprè rapò a, se te nan lide pou te efase tout prèv sou zak malonèt sa li t ap fè sou popilasyon an.
Yo kontinye pou di, masak sa ak divès lòt ka vyolans gang yo fè sou popilasyon an fè pou ane 2024 la, gen plis pase 5 350 moun ki pèdi lavi yo, genyen tou 2 155 lòt ki sòti blese. Daprè òganis sa yo, depi 2022 jiskounye a, chif moun ki mouri ak blese yo plis pase 17 000.
Fas ak tout krim sa yo, reprezantan espesyal sekretè jeneral Nasyonzini an Ayiti a, María Isabel Salvador deklare : « Nou pa dwe fè kòmsi sa pa t anyen. M mande lajistis ayisyèn mennen yon gwo ankèt sou krim sa epi arete, pini tout otè zak sa. E m mande tou, pou otorite yo enstale prese prese yon pati espesyal ki ap gen pou trete ka sa yo menm nan sistèm jistis la ».
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2024