Nan yon nòt yo pibliye jodi vandredi 7 mas 2025 lan, Medsen San Fwontyè (MSF) fè konnen ekip li yo an Ayiti temwen zak vyolans yo k ap ogmante pi plis nan peyi a depi 24 fevriye 2025 lan. Zak sa yo daprè sa l di, lakoz gen anpil blese, sa ki fè pou li moun ki bezwen swen sante yo vin pi plis.
Selon MSF, batay ant fòs lòd yo ak gwoup gang yo ogmante, sa ki lakoz popilasyon an toujou anba menas.
«Jouk jounen jodi a, 85% Pòtoprens sou kontwòl gwoup ame yo», se sa MSF deklare pandan l site chif Òganizasyon Nasyonzini.
An konsekans, òganizasyon an di akoz sitiyasyon sa ki nan anpil katye, popilasyon an ekspoze ak risk lanmò. Pi lwen, li soulinye sispansyon finansman ameriken an vin konplike repons imanitè yo.
Fas ak vyolans sa yo nan kapital la, kantite pasyan yo ogmante nan MSF. Nan sans sa, responsab yo fè konnen sòti 24 fevriye pou rive 2 mas 2025 lan, yo te bay 314 moun swen. Pami moun sa yo, 90 ladan yo te viktim zak vyolans sa ki bay 2 fwa plis chif yo konn abitye genyen.
«Vyolans lan non sèlman te lakòz yon gwo kantite viktim, men tou deplasman pa pil manm popilasyon an. Depi 14 fevriye 2025, atak gwoup ame yo te fè nan plizyè katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan te fòse plis pase 24 000 moun kouri», se sa òganizasyon an revele. An menm tan, li di chif sa yo kontinye ap ogmante pandan vyolans lan ap kontinye.
Pandantan sa, MSF fè konnen jiskounya a Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon yo (OIM) estime plis pase 180 000 moun ki deplase yo ap viv nan plis pase 140 kan atravè zòn metwopolitèn nan. «Popilasyon fèb sa, kèk nan yo te deplase plizyè fwa al chèche refij nan kan frajil, kote aksè ak dlo potab lan limite konplètman oswa yo pa jwenn li ditou».
Christophe Garnier, ki se chèf misyon MSF an Ayiti avèti sou ijans ki gen la sitou nan moman kote gen yon premye lapli ki inonde vil ak sistèm sanitasyon yo. Sa ki fè, gen riks pou gaye epidemi tankou kolera, puiske daprè sa l di, kondisyon ijyèn yo ap vin pi mal.
«Malerezman nou pap kapab kouvri tout bezwen yo. Echèl kriz la depase kapasite repons aktyèl Medsen San Fwontyè yo, e sa se sèlman yon mwa anvan sezon lapli a kòmanse», se deklarasyon sa mesye Garnier fè.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025