Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Daprè Misyon etranje a gen plizyè chèf gang ki mande gouvènman an dyalòg

Mag Haiti by Mag Haiti
September 18, 2024
in Politique
0
Daprè Misyon etranje a gen plizyè chèf gang ki mande gouvènman an dyalòg

Misyon Sekirite ak Soutyen (MSS) an rann piblik jounen madi 17 septanm 2024 la, yon nòt pou l prezante bilan travay li reyalize ansanm ak Polis Nasyonal Ayiti (PNH) a pandan 3 dènye semèn sa yo. Nan nòt sa, li fè konnen plizyè chèf gang te voye mesaje pou negosye yon trèv ak dyalòg ak gouvènman an.

Selon sa yo fè konprann Premye minis Garry Conille, direktè PNH la, Rameau Normil ak kòmandan Fòs MSS la, SAIG Godfrey Otunge te pito mande yo rann tèt yo ak depoze zam yo, epi prepare yo pou yo jije pou mechanste yo fè.

Nan nòt sila, MSS la enfòme operasyon ki fèt nan tèt ansanm ak PNH la te vize divès zòn ki anba kontwòl bandi yo. Pami zòn sa yo se Sant Vil Pòtoprens, Gantye, Dèlma, Pò APN, Kwadèboukè ak Taba. Li fè konnen tou se gras ak operasyon sa yo, plizyè barikad te rive kraze sa ki fè wout gang yo te bloke yo netwaye kounye a.

Nan detay MSS la bay, li eksplike nan menm kad operasyon sa, fòs lòd ak manm misyon an te rive kraze yon miray doub pakinn bandi nan «400 Mawozo» yo te bati sou wout nasyonal nimewo 8 la nan Kwadèboukè. Sa ki pèmèt machin ak moun sikile lib libè nan zòn nan sa nan moman sa a.

«Operasyon MSS ak PNH yo te itilize divès inite nan PNH la, ki te rive pasifye zòn kle yo, kote anpil manm gang yo te kouri chape anba lafrechè». Plizyè moun te arete epi kèk zam te sezi nan men gang yo. Pami arestasyon yo, te genyen 2 manm gang «Chen Mechan ak Pierre 6» ki toujou nan prizon an, se sa nou li nan nòt sa.

Pi lwen, responsab yo di genyen kèk nan zòn kle operasyon yo te reprann epi kenbe anba kontwòl yo. Yo soulinye yo fè patwouy yo tout sou Dèlma a espesyalman Dèlma 4, Dèlma 31 elatriye.

Nan zòn sa yo daprè sa MSS la soulinye, moun pa t ka sikile ni nan machin ni a pye. Li presize pou l di moun yo te abandone zòn sa yo epi biznis yo te fèmen tou.

Yon lòt kote Misyon Sekirite ak Soutyen an fè konnen gras ak patwouy lajounen kou lannwit li menm ak PNH la ap fè nan plizyè zòn, abitan yo kòmanse tounen an kantite. Li site Avni Christòf, Ri Kapwa, Avni Lamatinyè, Channmas, Wout Dal ak Lari Sentonore ki se zòn ki pasifye. E lavi kòmanse reprann piti piti, pandantan sa yo fè kwè anpil manm gang yo ap kouri chape paske yo pè.

Anplis zòn sa yo Misyon a di ki pasifye, li rakonte zòn alantou Akademi Polis la li menm tou pasifye. Se sa k fè plizyè santèn nouvo aspiran kapab al swiv fòmasyon.

Pou kounye a, MSS la enfòme popilasyon an sekirite se pi gwo priyorite yo nan operasyon sa. Se pou sa, yo mande koperasyon ak sipò tout moun yon fason pou bandi yo pa gen okenn opsyon sinon rann tèt yo.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 836
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Yon etidyan fakilte leta mouri pandan l t ap fè yon ekspoze nan sal klas li

Next Post

Bandi ak zam touye direktè ONM Okap la maten mèkredi a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Bandi ak zam touye direktè ONM Okap la maten mèkredi a

Bandi ak zam touye direktè ONM Okap la maten mèkredi a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,776)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,988)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,152)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,908)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?