Alòske NBC News ak New York Times nan atik yo te pibliye ayè vandredi 24 janvye a te enfòme otorite meksikèn yo te refize resevwa vòl depòtasyon Etazini yo, pòt pawòl Mezon Blanch lan, Kaoline Leavitt, li menm di Meksik aksepte 4 vòl depòtasyon deja. E sa fèt selon li menm, nan yon sèl jou.
Kaoline Leavitt demanti enfòmasyon medya ameriken yo te bay la nan yon piblikasyon li fè nan lannuit vandredi 24 janvye 2025 lan, kèk tan aprè atik NBC News la te fin piblik. Nan sans sa, li konsidere 4 vòl depòtasyon sa Meksik aksepte nan yon sèl jou a se tankou yon rekò.
Yon lòt bò, pòt pawòl Mezon Blanch lan fè konnen fwontyè terès meksik la kapab resevwa menm migran ki pa Meksiken. Li soulinye tou moun sa yo ap ka rete nan peyi sa kote otorite meksiken yo deja mobilize 30 000 gad.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025