Non Eliana Télémaque te vin popilè nan peyi a aprè bandi Viv ansanm yo te pran ti bebe li nan men l epi voye l nan dife pandan semèn ki sot pase yo, nan komin Kenskòf. Mete sou sa, sa pa t pran tan kote jèn fanm sa te rive pèdi lavi li tou. Se yon dram ki jiskaprezan mete lapèn ak endiyasyon nan sosyete ayisyèn nan. Fas ak istwa pitit li ki vin ap sikile toupatou, Manman Eliana ki se Louisilia Cinéus eksplike tout soufrans pitit li te pase pandan l t ap viv.
Nan yon entèvyou li bay Arcahaie Pam TV, manman jèn fanm 26 lane sa a deklare pakou pitit li te genyen anpil soufrans. Li fè kwè, li menm li te ansanm ak papa Eliana, Gaston Télémaque, depi a 14 lane. E se depi lè sa li di ansyen mari li te mennen li al viv kay paran l kote li te rive fè 2 pitit pou li, Eliana ak Emesia. Men, li soulinye kounye a li genyen 5 pitit.
« Mwen te vin kite ak papa a paske m te vrèman piti. E aprè, Eliana pandan l gen 12 an li sove nan men moun yo li vin jwenn mwen. A 12 an li t ap fè 2yèm ane », selon deklarasyon Louisilia Cinéus ki di viktim nan te retounen Pòtoprens jis li arive fè yon pitit gason, ki nan men li kounye a.
Yon manman ki asiste ak pitit li bandi ap boule tou vivan
Manman Eliana ki abite nan vil Akayè, soulinye pitit li se te yon fanm ki te vanyan anpil. Li revele li te konn fè komès e te menm al chache lavi Sendomeng alòske li te ap fè 3yèm segondè. Ebyen, selon manman an, se aprè otorite dominiken yo te fin depòte jèn fanm sa a, li ta pral viv pi gwo evènman trajik nan lavi li Kenskòf.
« Se pandan l ap retounen desann sot Kenskòf akoz zòn nan cho li sote sou mesye yo, li te gen yon bebe nan men l. Yo mande l kisa l ye li di yon ti gason, epi yo mande l pou l lage l nan dife, li di l pap kapab », toujou daprè pawòl madanm Cinéus. Ak anpil lapèn li kontinye konsa : « Yo rale l nan men l yo lage l nan dife a, yo fè l viv aksyon an epi tire sou tèt li. Aprèsa Eliana vin fou jis li ateri nan komisarya a, kote li mouri ».
Efektivman, jou ki te samdi 15 fevriye 2025 lan, operatè kominikasyon komisarya Petyonvil la, François Ebel te konfime pou Mag Haiti lanmò manman ti bebe sa bandi te boule pitit li tou vivan devan je li a. Selon manman viktim nan, depi aprè lanmò premye pitit fi li sa li ap viv yon lanfè, paske l paka dòmi, epi ap pèdi gwosè.
Eliana mouri kite yon pitit 9 lane dèyè
Madanm Cinéus fè konnen depi aprè move nouvèl sa a tout responsabilite grenn pitit Eliana te genyen avan an vin tonbe sou kont li ak mari l, Neland Laguerre. Widley Similien se non pitit sa ki genyen sèlman 9 lane, Eliana kite nan men li a, toujou daprè detay grann nan bay medya anliy lan.
« Mwen m bezwen gwo sipò e jistis pou 2 pitit mwen yo mwen pèdi. Mwen bezwen sipò paske Eliana te gen rèv pou pitit li e l te gen rèv pou madan Neland tou », se repons sa manman 5 pitit la bay nan yon kontèks kote fanmi bò papa pipit fi li a, te anonse bò kote pa yo yo pa bezwen èd pèson.
Aktyèlman ni papa Eliana ki se Gaston Télémaque, ni li menm twouve yo nan mòg. E menmsi 2 fanmi yo sanble pa gen antant ant yo, men fòk nou di toulède pèdi nan yon sèl semèn 3 manm nan mitan yo.
Istwa Eliana a te vin piblik aprè Tiktokè Jean Brillant te pibliye yon videyo pou te eksplike dram sa a ki endinye tout moun sof kriminèl te fè zak sa a. Fòk nou di tou, nan yon ti pale li te fè ak Mag Haiti, tiktokè a te konfye nou, bandi viv ansanm yo fè l gwo menas akoz istwa sa li te deside pataje ak popilasyon an.
N ap raple, Eliana se viktim dirèk vyolans bandi ak zam yo fè Kenskòf sòti 27 janvye a pase pran 16 fevriye 2025 lan kote nèg ak zam yo fè 2 atak sou komin sa. Se yon sitiyasyon ki lakoz, selon òganizasyon defans dwa moun yo, plis pase 150 moun mouri, 1669 lòt kouri kite kay yo tandiske plis pase 100 kay pase anba flanm dife.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025