Nan yon rapò li rann piblik jodi jedi 27 fevriye 2025 lan Òganizasyon Nasyonzini (ONU) fè konnen vyolans seksyèl k ap fèt sou fanm ak tifi nan peyi a vin fèt pi souvan.
Nan rapò sa Loni montre enkyetid li genyen pou fanm yo k ap sibi zak vyolans seksyèl nan peyi a. Li site yon dokiman Fon Nasyonzini pou Timoun (UNICEF) ki te revele vyolans seksyèl sou timoun yo ki te miltipliye pa 10 ant ane 2023 ak 2024 la.
Pi lwen, ajans entènasyonal la fè konnen moun sa yo ap lite pou yo pran swen nan peyi a, kote se sèlman yon ti kras nan enstitisyon sante yo k ap fonksyone nan moman sa.
William O’Neill, ki se ekspè endepandan nan dwa moun Nasyonzini pou Ayiti a pale sou fason gang yo teworize popilasyon an. E li deklare gang yo sèvi ak vyolans seksyèl pou fè sa pi byen. An menm tan, li fè konnen yo entimide ak ranfòse kontwòl yo sou teritwa a.
«Vyolans seksyèl se souvan yon kesyon pouvwa ak gang ki vle montre pisans yo», se sa O’Neill di nan yon entèvyou ak Biwo Komisyonè Nasyonzini pou Dwa Moun nan Jenèv.
N ap raple, dènye rapò UNICEF te mete deyò nan dat 7 fevriye pase a, li te fè konnen vyolans seksyèl sou timoun yo ogmante ak 1,000%. Sa ki fè, kò timoun yo vin tounen yon chan batay.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025