Nan yon deklarasyon li fè ayè lendi 3 mas 2025 lan, Prezidan kolonbyen an, Gustavo Petro fè konnen kokayin ki pwodui sou fwontyè Venezyelyen an finanse zak vyolans k ap fèt an Ayiti a.
Nan yon atik jounal La Nacion pibliye jodi madi 4 mas 2024 la, li rapòte prezidan Gustavo Petro te deklare trafik gwoup gang ak mafya yo fè nan rejyon Catatumbo a kontribye nan vyolans ki gen Ayiti a. Yo presize Catatumbo se yon rejyon ki boulvèse anpil nan Nòdès Kolonbi egzakteman nan fwontyè li gen ak Venezyela a.
Gustavo Petro te defann pozisyon li an, sou yon chèn televizyon pou di : «Dwòg yo pwodui nan zòn sa a sòti Guajira dirèk pou rive Ayiti nan kèk tan,kote li finanse vyolans ayisyèn nan». Men, li presize destinasyon dwòg sa se Miami nan Etazini.
Daprè medya a, deklarasyon chèf leta kolonbyen an se te yon avètisman, puiske li di gouvènman li an gen plan pou elimine omwen mwatye nan rekòt ilegal k ap fèt Catatumbo yo. Nan zòn « Norte de Santander » la, yo soulinye li enfekte ak plis pase 50 000 ekta fèy kokayin. Teritwa sa a se mafya ak gwoup teworis yo ki kontwole l.
Kidonk, selon prezidan Petro « Catatumbo » patisipe nan anpil nan sitiyasyon Repiblik Ayiti tonbe jodi a. Li di sa se toujou akoz rejyon sa finanse zak vyolans yo.
N ap raple, nan dènye rapò Òganizasyon Nasyonzini yo (ONU) te rann piblik 27 fevriye pase a, ekspè yo te revele trafik dwòg lan fèt nan plizyè etap. Trafikan ki Etazini yo kòmande kokayin ak ewoyin yo Kolonbi, yo voye yo vini Ayiti atravè ti avyon ak bato pou pi rapid. Yo te di tou, pwodui sa yo ki antre Ayiti an kachèt yo destinasyon final yo se Etazini.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025