Selon CNN, dife k ap ravaje Los Angeles depi anviwon 6 jou a deja lakoz anpil moun pèdi lavi yo. Chèn televizyon ameriken an di pou kounye a gen pou pi piti 24 moun ki deja mouri alòske genyen plizyè dizèn lòt ki disparèt.
Nan yon atik li pibliye, CNN eksplike fason van an ap vini ak fòs la kapab fè li rann li difisil pou otorite yo rive etèn dife sa. Nan detay li bay yo, li fè konnen ponpye yo nan nan gwo batay kont dife sa ki menm rive touye moun nan Los Angeles. Li soulinye pou l di ekip yo ap fè ti pwogrè, men otorite yo deja prevwa menas dife a ap rete trè wo sitou ak van an k ap tounen semèn sa ankò.
Gouvènè Carlifornie an, Gavin Newsom nan bò pa li, konsidere sa ki rive a tankou pi gwo katastwòf natirèl ki detwi plizyè vil nan tout istwa peyi Etazini.
N ap soulinye, tanpèt dife sa k ap fè dega nan Los Angeles la deja lakoz plizyè milye kay pase anba flanm dife. Mete sou sa, anviwon 100 000 moun deja kouri kite kay yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025