Sòti premye janvye pou rive 20 desanm 2024 la, genyen 13 chofè machin ki mouri anba bal bandi, ladan yo gen twa nèg ak zam yo te boule tou vivan, daprè yon bilan prezidan Asosiyasyon Pwopriyetè ak Chofè Ayiti yo (APCH), Changeux Méhu bay ayè vandredi 20 desanm 2024 la.
Mete sou kote chofè sa yo ki jwenn lanmò yo anba men bandi yo, sendikalis la fè konnen tou genyen 9 lòt endividi yo te kidnape pandan menm peryòd la. Pou sa ki gen pou wè ak machin yo, li soulinye genyen ototal 567 nèg ak zam boule, epi yo te rive detounen 9 lòt.
Nan bò pa pasajè yo, li fè kwè genyen 22 ki pèdi lavi yo. Pandan gen 49 lòt ki te sòti blese ak bal Matisan, Lyankou, Maryani ak nan Sant vil la. Moun sa yo viktim nan divès atak bandi yo te fè kont machin ki pou plizyè konpayi transpò nan peyi a.
Daprè, pawòl prezidan APCH la, pifò zak sa yo rive fèt nan depatman Lwès la ak Latibonit. Se anpil aksyon ki lakoz anpil lajan pèdi nan sektè transpò a avèk materyèl ki pèdi nan yon bò epi pòs peyaj ki genyen nan yon lòt bò.
N ap raple, depi plizyè semèn chofè yo, konpayi transpò, ak machann ki te konn mennen aktivite nan Kafou Ayewopò te oblije kite zòn sa akoz bandi toujou ap atake e toujou nan afwontman ak lapolis. Pou kounye a, divès estasyon kote machin te konn chaje nan Kafou Rezistans lan vin oblije tabli baz yo. apati Dèlma 30 pou rive nan Dèlma 33, bò Pak Midore.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024