Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Daprè BINUH, gen plis pase 1 600 moun ki mouri pou 3 premye mwa ane 2025 lan

Mag Haiti by Mag Haiti
April 30, 2025
in Société
0
Daprè BINUH, gen plis pase 1 600 moun ki mouri pou 3 premye mwa ane 2025 lan

Nan yon rapò yo pibliye jodi mèkredi 30 avril 2025 lan, Biwo Nasyonzini an Ayiti (BINUH) fè konnen gen 1 617 moun plis 35 timoun ki mouri pandan 3 premye mwa ane 2025 lan. Anplis viktim sa yo, yo di tou gen 580 lòt plis 10 timoun ki blese nan afwontman ki konn genyen ant gang, lapolis oubyen manm bridad yo. Epi genyen pou pi piti 189 prezime manm gang popilasyon an te bay bw@ k@le.

«Pandan premye trimès ane 2025 lan, sitiyasyon dwa moun yo an Ayiti toujou bay gwo kè sote. Li te genyen Krim, kidnaping ak kadejak». BINUH kontinye pou di : «Se konsa, sòti premye janvye pou rive 31 mas 2025 lan pou pi piti 1 617 moun te sibi zak ansasinay, 580 lòt te blese nan atak ki te gen gang yo, brigad epi lapolis». Yo mansyone genyen pou pi piti 189 prezime manm gang popilasyon an te bay bw@ k@le tou pandan menm moman sa a.

Yon lòt kote, yo soulinye nan menm peryòd la gen pou pi piti 61 ka kidnaping yo anrejistre. Moun sa yo te jwenn liberasyon yo pou lajan. E 63% kidnaping sa yo te fèt nan depatman Latibonit.

Pou sa ki gen pou wè ak vyolans seksyèl, yo di gen 333 fanm ak tifi ki te viktim. Ladan yo gen 96 % ki sibi vyòl, sitou vyòl kolektif anba men gang yo. Pou sa ki gade timoun yo, anplis chif yo te bay avan yo, yo fè konprann gen 35 ki te mouri epi gen 10 lòt ki te blese. Nan menm sans lan, yo soulinye gen anpil timoun ki te sibi maltretans e yo menm te fòse yo antre nan gang.

Pou fini, Biwo Nasyonzini an panche sou sistèm jistis la ki pap mache. Sa ki fè, selon yo, zafè enpòtan yo tankou ansasinay ansyen Prezidan Jovenel Moïse la ak divès masak ki te fèt nan lane 2018 yo mal pou limyè fèt sou yo. Men, yo pa kache satisfaksyon yo pa rapò ak 114 ka vyòl jij enstriksyon yo gentan tande nan tout peyi a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025

Comments

commentaires

Nombre de vues: 284
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Quatre photographes haïtiens retenus pour la 4ᵉ édition des Oscars de la Photographie Africaine

Next Post

Gouvènman ameriken an rekonèt gang Ayiti yo kòm teworis etranjè ak mondyal

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Gouvènman ameriken an rekonèt gang Ayiti yo kòm teworis etranjè ak mondyal

Gouvènman ameriken an rekonèt gang Ayiti yo kòm teworis etranjè ak mondyal

Leave a Reply Cancel reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,051)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,812)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,878)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,694)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?