Nan yon entèvyou ak jounalis Todd Bensmann pou jounal New York Post, Daniel Foote fè konnen Ariel Henry nan sousi pou li te jwenn sipò prezidan ameriken an, li te dakò pou administrasyon Biden lan te depòte ayisyen anba pon Del Rio a ki te nan vil Texas nan peyi Dayiti.
Nan yon atik New York Post fè jounen jedi 14 septanm 2022 a, jounalis ameriken Todd Bensmann, montre ak klè pozisyon ansyen anvwaye espesyal ameriken nan peyi dayiti an. Daniel Foote nan yon entèvyou li te reyalize pou liv li “Overrun” ki pale sou kòman Joe Biden eklate pi gwo kriz fontalye nan istwa peyi Etazini.
“Administrasyon Biden lan kraze eleksyon nan peyi Dayiti epi bay soutyen li ak yon diktatè, paske yo te jwenn akò premye minis lan pou yo te depòte migran ayisyen yo an Ayiti”, se sa ansyen anvwaye espesyal ameriken an te deklare nan entèvyou sa a.
Sitwayen ameriken an te kontinye pou li di “Desizyon sa chèf gouvèneman ayisyen an te pran an, li te ede prezidan Biden anpil. Paske, migran ayisyen sa yo te reprezante gwo menas politik pou pèspektiv pati demokrat la nan eleksyon mi-manda 2022 yo“, daprè sa Foote deklare.
Daniel Foote fè konnen depi lè Ariel Henry mete l dakò ak politik depòtasyon Biden lan, gouvènman ameriken an pa fè okenn presyon pou demokrasi a retabli nan peyi Dayiti. Ansyen anvwaye espesyal la kontinye pou l di “doktè Ariel Henry te rive nan tèt pouvwa ayisyen an, se pou li te ka sipèvize yon Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP). Konsèy sa t ap gen wòl pou li òganize eleksyon prezidansyèl ak palmantè ki te prevwa fèt depi novanm 2021 pase a an Ayiti”.
Yon lane aprè, eleksyon yo poko janm rive fèt, poutan prezidan Biden kontinye bay pouvwa an plas la tout soutyen li. Daniel Foote li menm panse se kanpman migran ayisyen yo te fè sou pon Del Rio a, ki fè gouvèneman Biden lan pa pipe mo sou eleksyon an, Ariel Henry poko janm rive fè yo.
Daniel Foote se ansyen anvwaye espesyal gouvènman Biden lan te voye nan peyi Dayiti aprè asasinay ansyen presidan Jovenel Moïse la. Li te rive demisyone nan pòs li, aprè jandam ameriken yo pa te sispann maltrete migran ayisyen yo sou pon Del Rio ak sou fwontyè Texas la.
Pandan entèvyou pou liv “Overrun” lan, Foote deklare “Se paske administrasyon Biden lan sabote Etablichmann demokrasi peyi a pou li te ka sipòte diktatè Ariel Henry an echanj ak akò li te bay pou depòte migran ayisyen yo” ki fè li te demisyone 22 septanm 2021 an, kòm anvwaye espesyal ameriken nan peyi a.
Daprè atik New York Post la, nan bout septanm 2021 an, te gen 8000 ayisyen gouvènman Biden lan te depòte nan yon premye tan. Pou peryòd janvye rive Avril 2022 a, yo te kontinye pwosesis depòtasyon an ki ta pral bay 10000 migran ayisyen yo voye tounen bay Ariel Henry ki, pandan tout tan sa a pa menm rive fòme Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) nan peyi a.
Pi bon estrateji pou administrasyon Biden lan te anplwaye, daprè Daniel Foote, se pou yo te aji tankou granmou ak bon sans, pou yo te ka jwenn sa ki lakoz emigrasyon an epi jwenn yon bon jan solisyon ak li. Paske, Foote nan bò pa li konsidere fason yo te depòte migran ayisyen yo se mete luil sou dife a, paske leta ameriken te echwe nan sans sa deja, sa ki lakoz gouvènman ameriken an ap toujou jwenn plis demand emigrasyon.
Credit: foto: New York Times
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022