Òganis dwa moun «Collectif Défenseur Plus», nan yon nòt ki pote dat 6 oktòb 2024 la, di li eksprime kè kase li genyen fas ak anons otorite Sendomeng yo ki di y ap voye tounen Ayiti 10 000 Ayisyen chak semèn.
Pou òganizasyon an, desizyon sa a leve gwo enkyetid konsènan dwa moun ak respè pou lwa nasyonal yo ak dwa entènasyonal. Nan sans sa, estrikti a denonse gwo risk ki genyen nan vyolasyon dwa moun mezi sa yo ka koz tankou : separasyon fanmi epi kondisyon detansyon ak depòtasyon.
Pou sa ki gen pou wè ak fanmi ki depòte yo, estrikti a fè konnen gen anpil fanmi ayisyèn k ap viv Repiblik Dominikèn depi 5 a 10 lane san yo pa kapab mete an règ sitiyasyon migrasyon yo akoz difikilte administratif. Daprè sa l eksplike, se yon sitiyasyon ki bay lapèn e ki afekte timoun ki vilnerab yo.
Anplis, òganis dwa moun nan di tou moun sa yo, ki deja anrasinen nan tè dominiken an, posede byen epi kontribye nan lavi ekonomik peyi vwazen an. «Ekspilsyon sa yo kapab mennen nan vyolasyon dwa ekonomik sitwayen ayisyen yo», se sa yo soulinye nan nòt la.
Yon lòt kote, «Collectif Défenseur Plus» pale sou kondisyon yo voye migran yo tounen lakay yo a. Selon yo, jan depòtasyon sa yo fèt la li pa respekte ditou estanda entènasyonal nan tretman moun ak diyite. Li presize pi lwen, otorite dominikèn yo pa gen ase mwayen pou kenbe epi transpòte anviwon 10 000 moun chak semèn nan kondisyon ki respekte prensip dwa moun.
Pandantan sa, òganizasyon an kwè sitiyasyon sa a pral lakoz dwa moun sa yo vyole pwiske sant detansyon yo souvan gen twòp moun. Sa ki pral fè manke espas ak resous pou prizonye yo, nan zòn ki deja limite ak nan move kondisyon. Sitou prizonye yo souvan paka jwenn swen medikal, sitiyasyon sa ka fè pwoblèm sante ki la deja a vin pi mal.
Poutèt sa, «Collectif Défenseur Plus» raple lwa dominikèn yo bay kijan pou otorite yo trete imigran yo. Epi akò ki genyen ant Ayiti ak Repiblik dominikèn yo vize ankouraje koperasyon ak respè youn pou lòt pou dwa sitwayen chak peyi yo.
Nan sans sa, estrikti dwa moun nan mande otorite dominikèn yo pou yo rekonsidere desizyon sa a epi pou yo
adopte mezi ki respekte dwa moun ak angajman entènasyonal yo. Mete sou sa, li mande ak gouvènman ayisyen an fè tout sa ki posib pou akeyi ak diyite Ayisyen sa yo toutfwa leta dominiken ta pouse do yo pa pi l ak pa pakèt.
N ap fè konnen sou dosye sa, prezidan Konsèy tranzisyon an, Edgar Leblanc Fils anonse leta ayisyen deja pran tout dispozisyon pou akeyi chak grenn ayisyen k ap sòti Repiblik Dominikèn. Li fè anons sa a nan yon adrès pou nasyon an ayè dimanch 6 oktòb 2024 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024