Wilken St Louis tout moun Grandans konnen sou non “Ti Kenken” tonbe anba bal lapolis nan lannuit madi 8 pou rive jodi mèkredi 9 oktòb 2024 la. Daprè plizyè medya lokal, endividi a jwenn lanmò li nan lokalite Dezòmo ki twouve l nan Grandans, nan yon operasyon lapolis te mennen.
Daprè temwanyaj anpil abitan nan Dezòmo, chef gang sa ki t ap kontwole zòn nan te konn bay anpil pwoblèm. Nan sans sa, yo bat bravo pou lapolis pandan yo fè konnen vil ki antoure Jeremi yo pap sitire okenn bandi.
Nan operasyon sa a, fòs lòd yo rive sezi yon zam 9 mm. N ap fè konnen, avan lanmò Ti Kenken te gen divès plent ki te pote kont li ak akolit li Rouby. E se sa tou ki te mennen ak operasyon lapolis nan zòn sa.
Fòk nou di, selon medya nan Grandans yo avan afwontman ak lapolis la, chèf gang nan te deside kolabore ak fòs lòd yo. Kote li te remèt anviwon 3 zam li te posede nan mwa dawout pase a, poutan jodi a sa pa anpeche li jwenn lanmò li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024