Delegasyon pèmanan Ayiti nan UNESCO a anonse Bwa Kayiman enskri nan Rezo UNESCO pou «sit ki konekte ak istwa epi ak memwa lesklavaj».
Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 9 oktòb 2024 la, Delegasyon peyi a nan UNESCO anonse Bwa Kayiman rive nan yon etap enpòtan kote ayè mèkredi a li enskri nan «sit ki konekte ak istwa epi ak memwa lesklavaj». Sa ki fè l se premye sit ayisyen ki rantre nan rejis mondyal la.
Daprè kominike sa, Bwa Kayiman antre nan lis sa nan okazyon selebrasyon 30yèm anivèsè Pwogram Wout moun yo te mete nan lesklavaj UNESCO a. Yon pwogram Ayiti ak Benen te inisye depi nan lane 1994.
«Enskripsyon sa a se rezilta jefò kolektif Komisyon Nasyonal Ayiti pou Kowoperasyon ak UNESCO, Che UNESCO pou istwa ak patrimwàn nan Inivèsite Leta Ayiti a, Komite
Syantifik Ayisyen Wout Esklav la ak Delegasyon pèmanan Ayiti nan UNESCO», se detay sa yo delegasyon an bay nan menm kominike a.
Yon lòt kote, li fè konnen kandidati sa te depoze nan mwa janvye 2024, e li rantre nan inisyativ gouvènman ayisyen an pou valorize patrimwàn peyi a ak selebre memwa pèp ayisyen an, jan I te dekrete sa nan lane 2023 ak 2024 la.
Pi lwen, delegasyon an raple Bwa Kayiman, se kote yon gwo seremoni vodou te fèt nan mwa dawout 1791. Seremoni sa senbolize gwo batay pou te kaba lesklavaj epi rann Ayiti endepandan. Li pwofite soulinye sit sa a gen dèyè l yon pakèt valè inivèsèl tankou libète, egalite ak diyite.
Nan sans sa, UNESCO chwazi dat 23 dawout la kòm Jounen entènasyonal trèt esklav ak abolisyon li. Pwiske yo kwè Bwa Kayiman se senbòl rezistans ak rechèch pou otodetèminasyon. E li rete yon etap
esansyèl nan istwa Revolisyon Ayisyèn nan epi fòmasyon Leta Ayisyen an.
Daprè eksplikasyon ki bay, sit istorik sa tounen jounen jodi a yon senbòl inivèsel, rezistans ak emansipasyon gras ak desizyon pou konsidere I kòm patrimwan touristik nasyonal nan lane 1982. Epi gras ak dekrè ki te rekonèt li itilite piblik nan lane 1995. Pou responsab ayisyen yo nouvo demach sa ranfòse l kòm yon katalizè pou yon dyalòg mondyal sou listwa lesklavaj ak batay pou libète.
Yon lòt kote, yo raple nan mwa septanm 2023 a sit la te delimite, kote li te louvri chemen pou pwojè valorizasyon ak prezèvasyon. Kote pou kounye a li gen ladan l konstriksyon yon Mize Lesklavaj.
«Ayiti di l reyafime angajman I pou l kontinye valorize patrimwàn li epi fè
pwomosyon pou memwa lesklavaj la. An menm tan an, komisyon Nasyonal Ayisyèn UNESCO nan peyi a ak Delegasyon pèmanan Ayiti nan UNESCO a di yo detèmine pou yo kolabore ak enstitisyon ki enpòtan pou sa epi UNESCO pou lòt sit kapab rejwenn Rezo sila a», daprè sa yo di nan kominike a.
Mete sou kote Soup joumoun ak Bwa Kayiman
ki rantre nan lis UNESCO a kòm patrimwàn kiltirèl. N ap fè remake tou, Kasav ayisyen an nan lis pou vin tounen patrimwàn kitirèl imateryèl limanite nan UNESCO tou. Puiske dosye li a ap etidye nan mwa desanm 2024 k ap vini la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024