Kèk jou aprè Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) te mande lajistis mete aksyon piblik kont konseye prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire ak Smith Augustin, dwayen Tribinal Premyè Enstans Pòtoprens lan, Bernard Saint-Vil chwazi jij Benjamin Felismé pou l mennen dosye a.
Non 3 manm sa yo ki nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) site nan yon eskandal kote yo ta egzije ansyen prezidan konsèy administrasyon Bank Nasyonal Kredi a (BNC), Raoul Pierre-Louis pou li te ba yo 100 milyon goud. Konseye prezidansyèl yo ta mande l lajan sa yon fason pou te pèmèt li rete nan pòs prezidan an, daprè sa anketè ULCC yo te di nan rapò yo te fè sou sa.
N ap soulinye, akoz rapò ULCC a ki te mande lajistis mare 3 mesye yo, ansyen prezidan KPT a, Edgard Leblanc Fils pa t vote rezolisyon rès manm konsèy yo te pran ki bay 3 konseye sa yo dwa rete anndan Konsèy la malgre yo enplike nan dosye koripsyon.
Edgard Leblanc Fils te ale pi lwen pou l di l pap patisipe nan anyen k ap antrave lajistis peyi l e li pap fè alyans ak moun ki nan koripsyon tou. Se yon deklarasyon ki te fè anpil moun kwè li t ap kite KPT a, men jouskaprezan li toujou la kòm manm Konsèy la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024