Tout pòt sikisal Bank Nasyonal Kredi (BNC) yo fèmen jounen jodia lendi 14 novanm 2022, nan lide pou pote solidarite avèk 4 anplwaye li yo, kote nèg ak zam te kidnape yo nan jou 11 novanm sa ki sot pase la.
Desizyon fèmen pòt la vini nan objektif pou denonse zak kidnapin ki te fèt nan mwa sa sou plizyè anplwaye yo, pandanstan responsab bank lan pa bay dat y ap relouvri.
Fenomèm kidnapin ap ogmante chak jou pi plis nan peyi a, kote bandi pa sispann kote pa twò lontan nèg avèk zam te kidnape antreprenè Patrick Zreik, pandan li te nan machin blende l avèk yon anplwaye li.
N ap raple nan dat 30 oktòb 2022 a, bandi te rive kidnapin direktè kredi Bank Nasyonal Kredi (BNC), ki se Franck Larco. Zak kidnapin sa te fèt nan zonn Dèlma 75.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022