Aprè divès atak yo fè nan Pòtoprens la, bandi Viv ansanm yo rive mete dife nan ansyen lokal Radyo Televizyon Karayib (RTVC) nan lannuit mèkredi pou rive jedi 13 mas 2025 lan. Lokal sa a twouve li nan Riyèl Chavann depi plis pase 70 lane.
«Nèg ak zam sa yo rive pase anba flanm dife lokal RTVC a yo t ap menase depi plis pase yon lane a», daprè sa nou li nan yon atik ki pibliye sou sit medya sa a.
Plizyè foto ak videyo lokal RTVC a pa sispann pataje sou rezo sosyo yo depi lè enfòmasyon sa bay jodi jedi a. An konsekans, plizyè moun k ap travay nan medya sa yo souvan rele «Gran dam» nan, pa mete dlo nan bouch yo tou pou reyaji ak zak vyolans sa enstitisyon yo a sibi a.
«Mwen se Karayib»
«Move moman yo paka fè nou kanpe», se pami reyaksyon ki deja genyen konsènan nouvèl sa a.
N ap soulinye, samdi ki te 2 mas 2024 la, Radyo Karayib te resevwa plizyè bal mawon nan baryè prensipal li ak kèk vit li genyen nan espas la. Se nan moman sa tou responsab yo te pran desizyon pou retire li nan espas sa, puiske bandi Viv ansanm yo te gentan fè moun mache Salomon, Pòtay Lewogàn, Ri kapwa, Riyèl Chavann, Riyèl Kamo, Plas Jeremi, Riyèl Alèt, kouri kite kay yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025