Nan yon nouvo atak bandi ak zam fè nan komin Kenskòf ant lendi 24 ak madi 25 mas 2025 lan, pou pi piti 2 moun pèdi lavi yo e 3 lòt kidnape daprè enfòmasyon Massillon Jean, ajan enterimè komin nan pataje.
Massillon Jean revele sou Magik 9 bandi ak zam yo ki kontinye ap atake komin l ap dirije a. An konsekans yo touye anviwon 2 moun epi ale ak 3 lòt, pami yo yon timoun 12 lane. Li soulinye atak sa yo te sible lokalite Depanse, Kwoupi, Geri ak Boukan.
Massillon Jean presize gang yo pa gen kontwòl zòn sa yo, yo atake a. Li soulinye yo te sèlman vin fè zak la epi yo te retounen al kache.
Nan sans sa, li mande ak moun k ap viv Tomasen ak Fèmat pou yo pi vijilan epi kolabore ak lapolis yon fason pou prepare kont atak gang yo. Li di yo sa akoz lokalite Geri ak Boukan pa twò lwen ak Tomasen 48.
Fas ak sitiyasyon sa, responsab minisipalite a plede pou solidarite. Se pou sa pandan entèvasyon li a li te pwofite pataje preyokipasyon l sou bandi yo ki ka atake Tomasen si anyen pa fèt kont yo.
«Se tèt ansanm pou nou fè pou viv ansanm sispann teworize ak touye popilasyon an», se sa l deklare pandan li mande dirijan yo pou kolabore ak otorite lokal yo ak popilasyon. Toujou pou kapab fini ak manm gwoup gang sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025