Ayè lendi 14 oktòb 2024 la, bandi nan Tòsèl pase anba flanm dife yon blennde ofisye Kenya yo. Aksyon sa pase nan moman te genyen kout bal ki t ap tire ant ajan fòs lòd yo ak bandi nan baz Kraze baryè kote chèf gang Vitel’homme Innocent ap dirije.
Bandi ak zam yo pa sispann mete otorite polisyè yo an defi. Ayè lendi a, nan kad yon operasyon Lapolis Nasyonal Ayiti (PNH) a tanmen nan baz gang Kraze baryè ki nan Tòsèl, bandi yo mete dife nan yon cha Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite (MMSS) a.
Daprè sa Lapolis di, machin blennde sa te anpann motè li pa t ka demare malgre tout tantativ teknisyen yo te fè pou te ranje li.
Aprè yo fin mete dife nan blennde sa, bandi yo ki anba kontwòl chèf gang Vitel’homme nan yon videyo montre kontantman yo e menm deklare sa pap premye materyèl y ap boule.
N ap raple, MMSS la nan peyi a nan lide pou ede lapolis la derasinen gwoup gang yo k ap teworize popilasyon an. Manda fòs la ap fini nan mwa oktòb 2025, daprè yon vòt ki te fèt nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an jou ki te 30 septanm 2024 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024