Daprè yon rapò Rezo Nasyonal K ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), bandi pike dife nan plizyè gwo enstitisyon nan atak yo fè nan depatman Sant lan. Daprè chif yo, nan komin Sodo yo boule kay Pierre Richard Saint-Victor epi ansyen palmantè Romuald Smith ak Simon Desras Dieuseul epi boule yon restoran depite Abel Descollines konn abitye ale ladan l.
Daprè Rezo a, kay moun sa yo twouve yo youn aprè lòt nan Sant vil la, ak toupre kaskad la, epi genyen restoran La Fourchette d’Or a ki li menm chita kò li sou wout 9 Sodo a. Mete sou kay moun sa yo, yo soulinye nan vil Mibalè bandi Viv ansanm yo mete dife nan mache kominal la, prizon sivil la, komisarya a ak Radio Transparence FM.
Fas ak zak sa yo men sa RNDDH deklare : «RNDDH regrèt moun ki mouri ak gwo dega materyèl ki genyen Mibalè ak Sodo yo. E li kritike 2 komin sa yo ki tonbe sou kontwòl bandi yo malgre popilasyon sivil la ak brigad vil sa yo te plede lanse alèt».
Nan sans sa a, òganis lan mande otorite yo yon eksplikasyon sou aksyon manm gouvènman yo pa janm fè pou frennen ensekirite a. Se poutèt sa, li mande tou pou gen yon ankèt ki louvri pou kapab jwenn moun ki konplis nan vann 2 vil sa yo bay gang yo. Se nan konsa, daprè yo, y ap kapab jije epi kondane koupab yo. Pi lwen, yo mande pou gen ranfòsman nan kan fòs lòd yo nan depatman Sant yon fason pou kapab reprann kontwòl komin sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025