Nèg ak zam touye yon polisye kenyan epi boule 3 machin blennde nan Savyen jodi madi 25 mas 2025 lan. Aksyon sa pase nan yon operasyon sovtaj lapolis ak fòs miltinasyonal la t ap mennen akoz gang yo te pran youn nan machin blennde yo nan pyèj selon eksplikasyon pòt pawòl MSS la, Jack Ombaka.
«Pandan ekip sekou a t ap eseye resoud sitiyasyon an, manm gang sispèk yo te lanse yon atak», se sa nou li nan yon kominike fòs la pibliye nan lannuit madi 24 mas la.
Pou sa ki gen pou wè ak polisye kenyan an, MSS la fè konnen li disparèt, san bay plis detay. Poutan, aktyèlman gang yo ta rive touye l e menm gentan imilye kadav li aprè zak la.
Nan kominike sa a, yo eksplike gen yon machin blennde ki te pran nan pyèj. Men, nan 2 lòt ki te vin pote sekou a, youn te pran nan menm pyèj la epi lòt la te vin pran pàn. Se sa ki fè, nan divès videyo ki rann piblik, bandi ak zam yo rive montre 3 machin sa yo k ap pase anba flanm dife.
N ap soulinye, se dezyèm operasyon fòs lòd yo ki mal pase nan espas yon mwa, nan Savyen. E ofisye sa a fè 2yèm Kenyan ki mouri an Ayiti espesyalman nan Ba Latibonit, mete sou lòt ki te sòti blese Kenskòf la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025