Michelle Salomon Destiné se non madanm sa ki fè konnen sou Radyo Karayib jodi lendi 17 mas 2025 lan, kòman bandi touye 5 moun lakay li nan Kafoufèy. Selon li menm, dram sa a te pase madi ki te 11 mas la kote bandi yo touye manman l, 2 sè li ak 2 lòt moun ki t ap viv nan menm kay la.
Li idantifye viktim yo kòm Dana Pamphile ki se manman li, 2 sè li ki se Dayane Pamphile yo rele tou Daniella ak Solita Cinéus, menaj Daniella ak yon granmoun ki te vin pran refij nan kay la. Men, selon detay li bay moun sa yo jwenn lanmò yo nan lokal yon restoran ki pote non Mowoz.
Nan enfòmasyon gran sè a bay yo li soulinye, Dayane Pamphile se te yon adolesan 16 lane, ki te manm koral nan legliz Imakile. Bandi ak zam yo boule li tou vivan, pandan yo touye lòt moun yo ak bal. Madanm sa ki pap viv nan peyi a, fè konprann se yon vwazen ki te aprann li nouvèl lanmò manman l ak sè l yo.
«Nou t ap rele yo nou pa t janm ka jwenn yo men nou pa t panse yo mouri akoz nou konnen lakou Oloffson nan chaje raje yo gen dwa te kache. Se pandan m nan travay yon vwazin rele m di m manman m mouri», selon deklarasyon Michelle.
Li soulinye tou, jiskounya yo pa jwenn kò lòt sè a puiske yo pa konnen ki kote la l t al rann dènye souf li. Fas ak doulè li, madanm nan te tou pwofite eksprime lapèn li sitou pou jan sitiyasyon sekiritè peyi a ye a.
«Pou sa ki gen pou wè ak jistis, li fè kwè se pa sa l ap mande paske l pa konte sou pèsonn. Men li pito mande moun k ap fè zak malonèt yo pou yo pran konsyans».
N ap raple, se pa premye fwa yon fanmi rive peri akoz zak vyolans nan peyi a. Nan mwa janvye pase a, bandi ak zam te ansasinen epi boule anviwon 8 manm nan yon sèl fanmi nan Komin Kenskòf nan moman atak yo t ap fè yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025