Nan masak bandi te fè Kenskòf nan fen mwa janvye 2025 lan, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) revele bandi yo pa t epanye pèson. Nan rapò yo fè sou sa, yo revele pami 139 viktim yo te genyen 5 avèg ak plizyè granmoun ki pa t ka mache.
Venicia Jeune, Venicia Germain, Julia Séraphin, Christina Nazaire, ak Wana Sylvestre se non avèg sa yo bandi masakre pandan atak la. Òganizasyon dwa moun nan soulinye moun sa yo se te nonsèlman gen laj, men yo mouri kite pitit dèyè.
Pou sa ki gen pou wè ak moun ki te malad e ki pa t ka deplase yo nou jwenn nan yon bò, Gracia Paul Joseph, Claude Exilien, Diveus Innocent, Fenicie Felix, ak Augustin Michel. Tout moun sa yo se moun ki gen pou pi piti 55 rive 85 lane.
Nan yon lòt bò, te genyen tou moun ki te paralize ak te fè maladi kè tankou Roseline Moneus, Davilus Pavilus ak Junia Jean ki li menm te paralize ak sèlman 28 lane.
Òganizasyon an revele pifò viktim sa yo aprè bandi te fin touye yo, yo te met dife sou kadav yo tou. Se sa ki fè, nan rekòmandasyon li fè yo li mande pou otorite yo bay popilasyon an bon jan asistans finansyè, medikal ak sikolojik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025