Nan nouvo atak yo te fè sou komin Kenskòf dimanch 16 fevriye 2025 lan, bandi ak zam mete dife nan kay kote yon manman ak yon ti bebe te ye. Selon Radio Télé Métropole, manman sa ak tout ti pitit la boule tou vivan anndan kay la.
«Se yon dezyèm ka ki li menm rive nan dènye atak endividi ame yo fè nan plizyè katye nan Kenskòf», se deklarasyon sa jounalis Ritchy Fortuné fè nan jounal Métro News ayè lendi 17 fevriye 2025 lan. Pandan li te pwofite site enfòmasyon otorite lokal yo ki soulinye enpòtans ki genyen pou gen plis dispozitif sekirite nan komin nan.
Fòk nou di, menmsi poko gen chif ofisyèl pou nouvo atak sa, direktris egzekitif Fondasyon Je Klere a (FJKL) Marie Yolène Gilles, te fè konnen jou mèkredi ki te 5 fevriye 2025 lan, gen pi piti 150 moun ki te gentan mouri nan masak gang yo te fè Kenskòf la. Responsab òganizasyon dwa moun nan te fè deklarasyon sa sou Radyo Magik9. Anplis sa, li te mansyone genyen plis pase 100 kay ki te gentan pase anba flanm dife.
Yon kote, nan rapò yo te sòti 4 fevriye pase a, Òganizasyon Migrasyon Entènasyonal (OIM) li menm te revele genyen 1 669 moun ki kouri kite kay yo pou bandi nan komin sa. Selon presizyon yo bay, chif moun sa yo sòti nan 2yèm seksyon kominal Bonga ak 3yèm seksyon Soukay. Ladan yo genyen 345 ki al rete kay yon fanmi, epi 550 lòt twouve yo nan lokal EFACAP, nan Gibè ak lekòl Nasyonal Fisi.
N ap soulinye, selon Radio Télé Métropole, nan atak ki te fèt nan fen mwa janvye a genyen plizyè manm brigad ki te sòti blese. Pami yo genyen youn ki te pran yon bal nan tèt, kote menm bal sa t al pèse pye yon lòt. Pou kounye a, se gras ak entèvansyon medikal rapid ki fè sitwayen ki resevwa bal nan tèt la pa t rive pèdi lavi l.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025