Bandi ak zam nan Viv ansanm pase anba flanm dife plizyè kay nan riyèl Bwason ki twouve l tou prè Fò Nasyonal. Yo poze aksyon sa nan lè 1è nan maten jodi dimanch 3 novanm 2024 la.
Gwoup gang nan ki atake katye sa nan mitan lannwit lan rive boule plis pase 10 kay. Yon sitiyasyon ki te oblije fè plizyè abitan al pran refij yo Lali ak nan Mòn Senjera.
Selon sa yon abitan Fò Nasyonal di nou, nèg ak zam yo fè zak sa nan moman yo t ap tante atake zòn Fò a tou. Li soulinye, gang yo te menm bay gaz lakrimojèn pandan yo t ap fè move aksyon sa a.
N ap fè remake, sa pa gen lontan depi endividi sa yo te atake Solino kote yo te mete deyò 8 361 moun lakay yo. Selon Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM), chif moun sa yo konsène abitan Dèlma ak Solino ki te chape poul yo 17 oktòb pase a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024