Gang ki nan baz Izo 5 segond ansanm ak Baz Kanayan atake vil Akayè jodi lendi 21 oktòb 2024 la. Abitan site drapo a ki santi yo anba gwo menas bandi kontinye ap mande sekou ak otorite polisyè yo.
Pou atak sa, bandi yo anvayi popilasyon Akayè a espesyalman nan lokalite Bèsi. E yo fè li sou lanmè ak anndan komin nan menm. Atak sa se 2yèm sa gang yo fè sou zòn sa pou sèlman mwa oktòb sa. Poutan, jouskaprezan okenn mezi sekirite pa pran bò kote leta a pou kapab jere pwoteksyon site drapo a ak tout popilasyon an.
N ap raple, depi 17 oktòb pase a divès zòn nan peyi a ap konnen move moman akoz kout bal ki pa sispann tire. Anpil moun nan zòn tankou Solino ak Taba 27 oblije kouri kite kay yo nan lide pou chape poul yo anba zak vyolans nèg ak zam yo kontinye ap fè nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024