Aprè yon gwoup gang nan Latibonit te fin atake Ponsonde semèn pase a, fwa sa se se site drapo ayisyen an bandi Kanaran yo atake. Atak sa fèt jodi jedi 10 oktòb 2024 la.
Malgre genyen yon fòs etranje nan peyi a depi 25 jen pase a, sa pa anpeche gwoup gang yo kontinye ap atake popilasyon sivil la sa ki fè y ap pran plis zòn. Byen bonè jodi jedi a, yon gwoup bandi ki sòti Kanaran pote boure sou Toman, yon lokalite nan vil Akayè.
Abitan yo nan komin nan mande otorite polisyè yo sekou. Selon sa kèk abitan fè nou konnen, tout sinyal koupe nan zòn nan alòske bandi yo menm ap tante rive nan sou komisarya a.
Se depi nan 3 zè nan maten gang yo kòmanse atake komin Akayè. Pou endividi sa yo rive ak objektif yo yo bloke wout yo yon fason pou ranfò pa vini. Nan sans sa, Majistra vil la, Jean Gilles Edner mande pou lapolis ede yo.
Pou kounye a, poko gen bilan ki bay sou atak sa. Men daprè pawòl majistra a se rezistans kèk manm popilasyon an ak kèk ajan fòs lòd ki fè yo kenbe toujou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024