Depi jedi 17 oktòb pase a gang ak zam nan kowalisyon Viv Ansanm ap atake Solino. Se yon sitiyasyon ki lakoz plizyè moun pèdi lavi yo tankou Kishie Sincima, yon jèn fi 17 lane ki mouri aprè l fin resevwa yon bal nan moman li te lakay li nan site Militè. Menm jodi dimanch 20 oktòb 2024 la bandi yo kontinye enpoze yo kote popilasyon an pa sispann mande sekou otorite polisyè yo.
Atak gwoup sa sou popilasyon an montre fason leta pa sispann febli. Puiske ayè samdi a, Solino, Dèlma 24 ak Riyèl Anglad, Lali, Nazon ak zòn sou kote l yo konnen yon move moman kote bandi yo pa t sispann tire, mete dife nan divès kay.
4 jou aprè, moun Solino kontinye ap kouri kite kay yo, sa ki pral ajoute sou plis pase 700 000 moun ki te kite kay yo deja, daprè chif Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM). Fòk nou di, se yon sitiyasyon ki mete anpil laperèz lakay kèk abitan nan Dèlma 30 ak zòn sou kote yo.
N ap raple, 2 mwa aprè antre plizyè sòlda etranje nan peyi a nan lide pou ede Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) konbat gang sitiyasyon an pa janm chanje. Pou kounye a abitan Taba, Solino ak Dèlma 24 oblije ap kouri kite kay yo pou chape anba zak bandi alòske chèf Lapolis la, Normil Rameau kontinye ap fè pwomès.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023