Gwoup gang Gran Grif la k ap simen latwoublay nan depatman Latibonit la masakre jounen samdi 15 mas 2025 lan, Pou pi piti 6 moun.
Gang yo nan depatman Latibonit pa sispann fè atak sou popilasyon sivil la. Pou jodi samdi 15 mas 2025 lan, gang Savyen yo ansasinen pou pi piti 6 moun nan lokalite Wo Kanal. Pou montre kòlè yo fas ak sitiyasyon sa, plizyè manm nan popilasyon an manifeste ak branch bwa nan men ak tout tristès yo.
«Mare vant mwen, m paka sipòte ankò», se kri sa abitan yo t ap lanse. Pandan yo t ap pran direksyon komisarya a pou al fè tande vwa yo sou sekirite ak jistis y ap mande pou viktim yo.
Pwotestatè yo te pwofite mande ak responsab polis nan depatman an pou l pran bon jan mezi yon fason pou l konbat gang yo.
Depatman Lwès ak Latibonit se 2 depatman gang yo pa sispann enpoze lwa yo. Nan Lwès peyi a, moun pa sispann kouri kite kay yo pou chape anba zak kriminèl yo ki kontinye ap mete dife. Nan Latibonit, bandi ak zam yo kontinye ap atake epi fè masak sa ki te menm lakoz yon polisye kenyan te pèdi lavi l nan kòmansman mwa mas la nan moman afwontman fòs lòd yo ak yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025