Mèt Pierre Antoine Borgat pèdi lavi li nan lannuit jedi 19 jen 2025 lan, nan zòn Deksya ki chita kò li nan vil Okay aprè endividi ak zam te krible li anba bal. Lanmò ansyen prezidan chanm komès ak Endistri Sid la pwovoke lapèn bò kote pwòch li yo puiske bandi te ansasinen ki te deja pèdi frè li, Pierre Gerson Borgat nan mwa avril pase a.
« Nou aprann avèk lapèn lanmò zanmi nou Pierre Antoine Borgat nan vil Okay. L ap jwenn jistis », se pawòl sa yo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an, Fritz Alphonse Jean deklare sou kont X li kèk tan aprè dram nan pase a. Nan mesaj li a, li prezante avoka a kòm yon bon moun e yon pwofesyonèl ki te chaje ak konviksyon.
Selon detay ki bay sou ansasinay ansyen fonksyonè leta a, se ta plizyè endividi sou moto ki ta atake viktim nan. Kote li te rive resevwa 3 bal epi t al rann denyè souf li lopital.
N ap raple, sa pa gen twò lontan depi fanmi sa te pèdi yon manm li. Moun sa a se te antreprenè Pierre Gerson Borgat. Ki li menm tou te mouri nan menm sikonstans ak mèt Borgat.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025