Nan yon avan pwojè kontitisyon Komite pilotaj ak konferans nasyonal gouvènman ayisyen an remèt gouvènman an jodi mèkredi 21 me 2025 lan divès chanjman fèt nan fonksyon leta yo. Apati pwojè sa a yon sitwayen kapab vin prezidan Repiblik la ak 30 lane, li kapab vin depite ak 21 lane, senatè ak 25 lane epi majistra ak 21 lane. Tout moun ki nan gwo pòs desizyonèl yo ap gen pou yo pase 5 lane sou pouvwa a.
Nan dokiman an yo ankouraje lajenès ak fanm pou poze kandida pou divès pòs anndan peyi a. Selon sa ki ekri yo, yon palmantè ap sou pouvwa a pandan 5 lane menm jan ak prezidan peyi a ki ap ka pran sèlman 2 manda. Si nan yon tan ansyen prezidan Jovenel Moïse te egzèse pouvwa l sou palman an, enbyen nan atik 93-6 la yo avèti tout moun pou di : «Nan okenn ka chanm depite a ak Sena a pap ka kraze ni ajoune e manda manm li yo pap ka sispann.»
Pou lòt chajman yo, yo mansyone chak depatman ap gen 2 senatè, ap gen menm kantite a pou reprezante Ayisyen k ap viv lòtbò dlo yo, epi ap genyen 15 minis.
Anplis chanjman ki gen nan laj yo, nan dokiman an yo bay prezidan Repiblik la plis pouvwa kounye a. Si lontan se te premye minis yo ki te konn jwe wòl chèf gouvènman an, kounye a yo fè konnen se prezidan an ki ni chèf leta ni chèf gouvènman an.
«Prezidan Repiblik la ap ka nonmen epi revoke minis jan l vle. Li ka ba yo sekretè deta si l wè l nesesè», daprè sa nou li nan paj 32 dokiman 61 paj sa a. Nan menm pati sa yo soulinye se li k ap resevwa demisyon kèlkeswa manm gouvènman l lan.
Pou sa ki gade 10 depatman yo, yo fè konprann se gouvènè yo ap genyen kounye a. Moun sa yo kapab pran tèt depatman an ak sèlman 25 lane nan sifraj dirèk e yo ap la pou 5 lane tou. Nan detay yo, yo eksplike gouvènè yo ap vin gen yon asanble gouvènè ki pral fòme yon konsèy entèdepatmantal. Se konsèy sa ki pral travay nan tèt kole ak pouvwa egzekitif la sou pwojè desantralizasyon ak devlopman peyi a sou tout pwen.
Dokiman sa trete dosye etranje yo nan peyi a tou. Ladan l yo deklare : «etranje ki sou teritwa Repiblik la benefisye menm pwoteksyon Ayisyen genyen selon lalwa». Se konsa, nan atik 59 la yo bay sila k ap viv Ayiti yo dwa pou posede kay nan peyi a sof sa ki sou fwontyè terès yo, e yo di yo pap ka posede plizyè kay nan menm awondisman an. Mete sou sa, yo di depi etranje sa antre nan lavi politik peyi a nan ka lalwa prevwa yo, y ap kapab mete li deyò sou sòl ayisyen an. Yo pale tou sou dwa azil refijye politik yo genyen e di si yon etranje fè 5 lane deyò peyi a li tou pèdi dwa sa.
N ap raple, dokiman sa remèt jounen madi 21 me 2025 lan, nan Viladakèy. Seremoni an te fèt nan prezans Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, manm KPT yo ak plizyè manm gouvènman an. Nan nòt prezantasyon yo ekri a yo te tou pwofite envite tout moun ki gen yon kòmantè, kritik itil pou voye yo nan mail sa a : info@konferansnasyonalayiti.ht . Moun sa yo ap gen jedi 22 me a rive vandredi 21 jen 2025 lan pou fè sa paske yo fè konnen sa ki ekri yo se poko tèks definitif yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025