Jodi jedi 12 janvye 2023 a, atis Gazzman Pierre tout moun konnen sou non «Gazzman Couleur» fè yon videyo kote li fè konnen ti gason 17 lane a pa pitit li jan jèn gason an te vle fè kwè sa. Avèk yon tès ADN nan men l, atis la te vle lave imaj li devan anpil moun ki te kòmanse ba l tout move non.
Nan mwa novanm 2022 a, yon jèn gason ki rele Junior te prezante tèt li sou rezo sosyal yo kòm pitit atis Gazzman Couleur. Jèn gason sa nan yon videyo te deklare li vle pran kontak ak atis la epi li te fè konnen li vle pou Gazzman ede l.
Nouvèl sa pat pran tan pou te fè entènèt la cho. Anpil fanatik t ap reyaji, fanmi Gazzman te menm bay yon konferans pou te fè konnen se manti jèn gason an ap fè. Malgre tout sa yo Gazzman pa te janm fè yon sòti ofisyèl e te deside fè yon tès ADN pito. Aprè rezilta yo, atis la fè konnen jèn gason an pa pitit li.
“Mwen te chwazi fè silans. Manadjè m ak asistan legal mwen yo te di m dosye a sansib epi mwen te deside fè silans kote ekip mwen t ap mennen envestigasyon”, se deklarasyon sa atis la fè nan kòmansman videyo li a, kote li fè konnen depi menm jou enfòmasyon an te tonbe li te gentan jete l paske l konnen li p ap fè yon bagay konsa.
“Jounen jodi a la, ADN lan fèt, se 0% chans. Gazzman pa papa Junior Jean-Baptiste.
Junior Jean-Baptiste pa pitit Gazzman Pierre”, se sa atis la te deklare epi li bay yon prèv li di ki bon “paske nan peyi l ap viv la li pa t ap al pran chans fè yon bagay ilegal”.
Atis la te tou pwofite kritike laprès ki te “oryante piblik la nan negativite nan kad dosye sa”. Atis la fè konnen pa te gen moun ki te kontakte ekip li pou konn plis pase sa.
“M ap mande medya, moun k ap fè difamasyon pou sispann sal imaj Disip ki se biznis mwen”, se sou nòt sa atis la te fini entèvyou an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023