Nan yon nòt li pibliye sou rezo sosyo li yo ayè jedi 13 mas 2025 lan, ansyen Premye minis Ariel Henry resi fè reyaksyon piblik aprè demisyon li an. Nan nòt sa a, li pale sou lanmò doktè Laurent Beaugé a ki viktim akoz ensekirite a li di ki ap vale teren e ki kontinye ap met dlo nan je fanmi ayisyen yo.
«Vye zak sa ki pase 11 mas 2025 lan kont yon gran sèvitè leta ki te jèn e chaje ak konviksyon an revòlte nou tout», daprè sa doktè a di.
Ansyen chèf gouvènman an kontinye pou eksplike kòman Ayiti pèdi yon nonm ki te chaje ak kalite, ki te konn pale ak kè e ki te fidèl nan sa li te kwè. Se pou sa, nan fason pa l li rann yon gwo omaj ak nemològ sa a ki te ansyen sekretè deta popilasyon sou gouvènman li a.
N ap fè konnen, reyaksyon sa se premye sa ansyen premye minis lan fè depi aprè li te demisyone nan dat 25 avril 2024 la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025