Anviwon 9 moun blese pa bal nan kèk vil peyi a, nan gwo jounen manifestasyon ki te tanmen jounen mèkredi 7 septanm 2022 a. Pandan jounen sila a divès vil te kanpe pou mande demisyon chèf gouvènman an, Ariel Henry, nan tèt peyi a e denonse rate gaz la, lajan ameriken an ki pa sispann monte, ak lavi chè a ki pa sispann toufounen yo.
Nan vil jeremi genyen 3 moun ki rive blese anba bal. Marie-Came Démosthène, yon jèn fanm 29 lane se youn nan viktim sa yo ki resevwa yon bal nan pye. Popilasyon jeremyen an te pwofite jounen manifestasyon sa a, pou yo te piye anviwon 5 antrepriz prive ak Direksyon Depatmantal Pwoteksyon Sivil nan vil jeremi an.
Pami 9 moun ki viktim anba bal nan jounen pwotestasyon sa a, ta genyen 2 jounalis ki pran bal. Youn nan yo se jounalis kiltirèl Luly Ménard, ki resevwa yon bal ki flote bò tèt li nan vil okap, pandan l t ap swiv dewoulman manifestasyon an sou do lakay li. Yon lòt bò Yvenson Joinville ki se jounalis radyo tele Zenit ki blese anba bal lapolis daprè enfòmasyon Maghaiti dispoze.
Nan gwo leve kanpe sa ki te genyen pandan jounen mèkredi 7 septanm lan, popilasyon nan vil tigwav la pa t chome, nan revandikasyon pa yo. Nan yon demach yo te fè pandan manifestasyon an, yo te rive poze yon sele yo rele “sele popilè” sou divès bank yo te kwaze sou chimen yo, e lapolis te retire aprè kèk tan.
Nan vil pòdepè popilasyon an akize ajan BLTS ki ta louvri bal sou yo e lakoz anviwon 3 moun blese pandan yo t ap manifeste. Yo tout t ap mande pou leta retounen bato “Mis Lili” ak “Elshaday”, leta te konfiske nan lannwit dimanche 4 septanm pou rive lendi 5 septanm 2022 a. Nan revandikasyon yo, yo te denonse pouvwa an plas la ki pap regle anyen nan tèt peyi a daprè yo menm, e yo te tou pwofite mande demisyon premye minis Ariel Henry.
Malgre tout vil peyi a te kanpe pou mande demisyon chèf gouvènman an, sa pa te anpeche pou kounya premye minis lan trouve li nan peyi Florid pou negosye ak kèk antreprenè ki ta vle vin envesti nan peyi a daprè sa primati a ekri nan yon twit, pandan menm jounen 7 septanm 2022 a.
Crédit photo: Jacmel Info
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022.