Nan yon nouvo rapò li pibliye nan kòmansman mwa oktòb la, Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) site gen anviwon 700 000 moun ki deplase kite kay yo pou zak bandi. Nan moun sa yo, òganis lan fè konnen pi fò ladan yo se timoun.
Nan detay OIM bay, li epksplike chif sa yo montre kantite moun ki deplase yo pase ak 22% depi nan mwa jen pase 2024 la. Daprè reprezantan OIM an Ayiti a, Grégoire Goodstein kantite moun ki kite kay yo montre nesesite ki genyen pou gen yon aksyon ijan pou repons imanitè yo puiske pwoblèm grangou a vin pi grav.
«Nou mande kominote entènasyonal la pou l ranfòse sipò li bay popilasyon an Ayiti ki deplase yo ak kominote akèy yo ki kontinye ap reziste devan defi sa yo», se sa chef OIM nan peyi a deklare.
Daprè rapò a, 75% moun ki kouri kite kay yo al pran refij andeyò, 45% ladan yo se nan Gransid la yo ale. Alòske, kapital la ki gen yon move sitiyasyon genyen yon ka moun ki oblije al viv nan kan kote sitiyasyon an pa bon ditou. kan deplase sa yo souvan gen anpil moun an menm tan, kote yo pa menm gen aksè ak yon bann sèvis.
OIM fè konnen tou presyon sou resous yo anpil e pi fò moun nan fanmi akèy yo sinyale jan y ap fè fas ak anpil difikilte. Pwoblèm manje, espas sante yo ki plen ak pwovizyon ki pa genyen nan mache lokal yo se pami difikilte yo kontre.
Pi lwen, òganizasyon an pale sou eta enfrastikti yo ki anba gwo presyon sitou ak pwoblèm grangou a ansanm ak abri yo ki pa reponn ak bezwen moun yo. OIM soulinye edikasyon ak lasante se kèk pami bezwen ki pi ijan yo.
Nan sans sa, òganis entènasyonal la di li enpòtan pou gen anpil jefò ki fèt pou estabilite ak sekirite kontinye nan peyi a menm jan ak asistans imanitè yo. Sa ki ap kapab ede soulaje soufrans moun ki touche nan kriz Ayiti a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024