Daprè Ernso Louissaint, ki se majistra Ansagalè a genyen 6 a 7 000 moun ki kouri kite kay yo Akayè epi ki al pran refij yo sou zile Lagonav la. Moun sa yo kouri akoz atak gang ak zam Viv ansanm te fè sou site drapo a nan dat 22 oktòb 2024 la.
Majistra Ansagalè a ki fè konnen li gen kontwòl waf la, pa kache pou l di genyen plizyè lòt pò ki pa sou kontwòl li. Daprè sa l di, se 3 a 4 batiman ki rantre nan yon jounen, sa ki fè moun yo antre pa milye.
Nan ti pale li t ap fè sou Radyo Karayib, Ernso Louissaint pwofite mande ak otorite yo nan peyi a pou ranfòse kapasite polisye yo. Yon lòt bò, li di l pa pare pou l akonpaye kantite moun ki sòti Akayè ki vini Lagonav yo puiske Leta dwe meri Ansagalè a 39 mwa.
Se sa ki fè, nimewo 1 Ansagalè a mande èd ak dirijan yo nan pi wo nivo leta, yon fason pou kapab ede refijye sa yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024