Nan yon rapò yo pibliye jodi madi 14 janvye 2025 la, Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) fè konnen pandan ane 2024 la, genyen anviwon 200 000 Ayisyen yo voye tounen nan peyi a. Yo soulinye pifò nan moun sa yo sòti Repiblik Dominikèn.
Nan rapò sa OIM mete aksan sou depòtasyon sa yo ki ap fèt pandan peyi a li menm ap fè fas ak yon kriz kote gen plis pase 80% Ayisyen ki nan kan deplase. Se yon sitiyasyon ki lakoz refijye sa yo oblije al rete nan kan pil sou pil, alòske gen lòt ki ap lite pou mache al fè lòt kan britsoukou.
Selon detay òganizasyon an, kan moun ki deplase yo ki sitou nan kapital la vin pi plis. Se sa k fè li mansyone nan sèlman yon lane chif la sòti nan 73 li pase ak 108 kan refijye.
Pandantan sa, OIM fè kwè sit sa yo gen twòp moun epi di yo manke aksè nesesè nan sèvis esansyèl yo tankou manje, dlo pwòp, netwayaj ak edikasyon.
Pandan kan yo gen tout pwoblèm sa yo, OIM montre tou jan kondisyon yo vin pi grav an Ayiti. Òganis lan revele, fanmi yo ap lite pou yo kontinye viv nan abri pwovizwa yo pandan y ap fè fas ak gwo danje nan kesyon sanitè ak ak pwoteksyon lavi yo.
Se pou sa, òganizasyon entènasyonal la kritike depòtasyon sa yo, puiske li fè konprann sa ap fè kriz la vin pi rèd.
Pou fini, Amy Pope deklare Ayisyen merite yon demen miyò. Pou sa, li fè konnen nan moman kriz san parèy sa, mond lan dwe chwazi solidè ak peyi a olye yo rete endiferan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025