Nan yon konferans pou laprès li bay an Suis, jodi lendi 9 desanm 2024 la, Wo komisè Volker Türk fè konnen chèf gang Mikanò masakre pou pi piti 184 granmoun nan Site Solèy. Selon defansè dwa moun nan, masak sa fèt vandredi 6 ak samdi 7 desanm ki sot pase la, e li monte chif moun ki mouri nan peyi a ak 5000.
«Chèf gang nan deside touye moun sa yo paske nan tèt pa li li kwè yo se lougawou ki met ansanm pou manje pitit li», daprè sa Komite pou Lapè ak Devlopman (CPD) ekri nan yon kominike. Nan detay yo bay yo, yo fè konnen se sòlda gang nan menm ki te mache nan kay chak moun sa yo pou te touye yo nan Waf Jeremi.
Selon Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH), pifò moun sa yo ki mouri a gen plis pase 60 lane, yo soulinye genyen jèn tou ki mouri puiske yo pa t dakò ak zak malonèt sa a. Poutan, nan bilan yo bay, yo estime chif moun ki mouri yo se 120 moun.
Daprè Òganizasyon Nasyonzini (ONU) nan masak sa genyen 90 gason, ak 37 fanm ki pèdi lavi yo. Kò anpil nan moun yo boule lage nan lari a, gen nan yo yo menm rache.
Fas ak zak sa, laprimati nan yon nòt li pibliye jodi lendi 9 desanm nan di li kondane aksyon sa ki fèt la. Pandan gouvènman an voye panse espesyal pou fanmi viktim yo, responsab yo pwomèt lajistis pral aji kont chèf gang Micanor Altes ak tout konplis li yo menm jan yo te fè l kont viktim sa yo.
«Yo janbe liy wouj la, leta ap mobilize tout fòs li pou arete kriminèl sa yo. Lajistis ap frape yo menm jan yo fè l la», se mesaj sa gouvènman an voye bay chèf gang nan.
CP: Circle Haiti- WordPress.com
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024