Aprè Miami Herald te revele Etazini gen entansyon pou ta chanje misyon etranjè a an operasyon pou lapè, sekretè Deta yo a, Anthony Blinken bay plis detay sou dosye a. Nan konferans li te bay nan ayewopò Tousen Louvèti a ayè jedi 5 septanm 2024 la. Nan sans sa, diplomat la deklare yo ta vle fè chanjman sa se nan lide pou jwenn rezilta k ap bon epi ki ap dire an Ayiti.
“Misyon an dwe renouvle e se sou sa menm nou ap travay la. Men, konsa tou nou vle asire nou nou gen yon bagay ki bon e ki ap dire e pou jwenn sa nou ap analize tout opsyon yo nèt pou n ka rive fè sa. Yon operasyon mete lapè se ta youn nan opsyon sa yo”, daprè pawòl chèf ameriken an.
Pi devan, li kontinye pou l di gen plizyè lòt mwayen toujou. Men, li deklare yo menm bò kote yo yo vle asire yo yo gen mwayen pou fòs la avanse premyeman nan renouvle manda misyon an, epi dezyèm bagay se gade kòman yo ka fè l pran tan pou tout sa k gen pou fèt nan peyi a ka fèt.
Pandantan sa, sekretè Deta ameriken an presize se yon misyon ki byen defini e ki gen objektif pou konbat gang ak ede lapolis la pran kontwòl sitiyasyon sekiritè peyi a. Se sa k fè, li soulinye li enpòtan pou tout moun konnen yo menm yo la pou ede enstitisyon polisyè a. Se poutèt sa, diplomat la eksplike yo bezwen tan, paske selon li menm se rezon sa ki fè y ap chache pou wè ki mwayen k ap pi bon pou kapab fè plis jefò pou jwenn pi bon rezilta.
Pou fini, diplomat la fè kwè yo detèmine pou ede peyi a nan ekri yon lòt paj nan listwa l. Se pou sa li deklare : «M vle pou pèp ayisyen an konnen Etazini avèk yo, l ap rete ak yo e anpil lòt peyi kanpe avèk yo tou».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024