Antèman Jimmy Jean ki se youn nan jounalis ki te tonbe anba bal gang ak zam nan dat 24 desanm 2024 la chante jodi jedi 16 janvye 2025 lan. Seremoni sa te fèt nan legliz Senpyè, nan komin Petyonvil.
Se nan prezans plizyè jounalis, zanmi ak fanmi antèman jounalis Jimmy chante maten a aprè anviwon 15 jou depi bandi te fin ansasinen l. Jounalis la ki t ap travay pou medya anliy Moun Afè Bon TV te pèdi lavi l aprè ansyen Minis Santé Piblik ak Popilasyon an (MSPP), doktè Duckenson Lorthe Blema te al tante relouvri lopital jeneral.
Nan atak gwoup gang yo te fè sou lopital sa te genyen plizyè jounalis ki sòti blese. Te genyen 2 lòt ki te pèdi lavi yo, landan l te genyen Jimmy Jean.
Nan antèman sa, zanmi ak fanmi jounalis la pa t ka kenbe dlo nan je yo sitou nan sikonstans lanmò trajik sa. Se te okazyon tou pou responsab yo nan Kolektif Medya Anliy yo (CMEL) eksprime chagren yo fas ak disparisyon britsoukou travayè laprès la.
Nan yon nòt yo rann piblik, manm CMEL yo fè konnen Jimmy pa t merite kite yo konsa. E sitou se devwa l kòm pwofesyonèl li t ap fè nan lide pou te pote enfòmasyon pou pèp la.
«Atak teworis sa a pa t sèlman pran lavi yon jounalis, li kraze rèv, li kase kè, li fè yon nasyon kriye. Lè nou sonje li te tonbe pandan li t ap kouvri reouvèti Lopital Inivèsite Leta Dayiti a, yon evènman ki ta dwe pote lespwa, nou santi lavi a enjis», se sa nou li nan nòt sa.
Pi lwen, CMEL di l ap kontinye mande jistis pou Jimmy ak tout lòt viktim yo. Pandantan sa, li di li kwè yo paka kontinye viv nan yon reyalite kote sa ki jis ak sa ki byen ap pèdi devan mechanste ak vyolans ki genyen nan peyi a. «Nou egzije yon repons klè, yon repons ki di valè lavi yon jounalis», se sa responsab yo nan CMEL deklare.
Anplis sa, Kolektif lan estime otè zak sa dwe jwenn yon bon repons nan men otorite yo. Paske yo fè konnen yo paka rete an silans lè jounalis, ki se poto mitan demokrasi a, ap viktim nan fason sa. E yo soulinye dram sa ki te pase a ap kite yon gwo mak sou konsyans yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025