Ansyen minis jistis ak sekirite piblik la, Berto Dorcé, te reyaji ayè madi 17 janvye 2023 a, kote l te deklare sanksyon Kanada mete sou li yo se dezisyon politik yo ye.
Ansyen fonksyonè leta a di l ap tann bon moman an pou l ka rive defann li, paske pou li menm li pa konn sou ki baz ki fè l sanksyone a.
Kèk jou aprè gouvènman kanadyen an te deside sanksyone ansyen minis jistis la pou sitirans aktivite gang, blanchiman lajan epi zak kòripsyon, li te deside pale pou kontrekare desizyon sa. Nan deklarasyon li fè yo, Dorcé fè konnen li pa enkyete ditou, dèske l paka vwayaje malgre konsekans yo lou sou do l akoz li paka al kay doktè.
Nan menm sans sa, ansyen minis lan fè konprann se ta kèk desizyon l te pran lè l te an fonksyon ki fè jounen jodi a l ap sibi.
“M se youn nan ra minis ki pa nan okenn pati politik, kidonk m pa te ka satisfè tout moun, se nòmal m ap jwenn anmègdman. Nou t ap fè asenisman, mwen retire prèske 400 chèk ki totalize 25 milyon goud chak mwa nan men moun ki pa janm fè revandikasyon sa montre ki chèk yo te ye, moun sa yo ki p ap benefisye ankò yo gen yon milyon bagay yo kapab di kounya“, se sa li di pou lave men l devan je popilasyon ayisyen an.
Pou kounya, mèt la rete kwè Kanada ap retounen sou desizyon an, si tout fwa sa rive yo ba l chans pou l pale pou tèt li.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023