Nan yon atik ki pibliye sou li nan medya L’Est Républicain, ansyen milye ofansif ayisyen an, Jeff Louis deklare li pè mouri akoz li santi li pa an sekirite akoz menas gang yo. Deklarasyon sa a vini aprè foutbolè a revele li se te youn nan viktim atak bandi te fè Mibalè 31 mas 2025 lan, kote li fè konnen li te pèdi tout afè li nan moman sa yo.
«Mwen kouri kite katye m ki se Mibalè, malgre sa m toujou pa santi m an sekirite. Mwen pè mouri. Si w pa ba yo pwoblèm y ap touye w», se sa li deklare nan medya fransè a ayè lendi 28 avril 2025 lan.
Nan detay li bay yo li fè konprann gang yo nonsèlman anvayi zòn nan, men pran tout sa li te posede tou pami yo kay li. Se sa ki fè jounen jodi a li fè konprann li prèske ap dòmi nan lari paske lajan li konn peye otèl prèske fini.
Fas ak reyalite sa a, atlèt la lanse yon alèt pou mande sekou pou te kapab retounen an Frans puiske, selon li menm, li pap ka sòti nan sitiyasyon difisil sa a poukont li. Jwè a te kite 2 pitit li yo Lafrans pou te vin nan retrèt an Ayiti.
Jeff Louis genyen 32 lane. Li se ansyen jwè ekip Mans, AS Nancy Lorraine, ak Stade Malherbe de Caen. Nan tout karyè li li te rive jwe 33 fwa pou seleksyon ayisyèn nan epi te fè 5 gòl. Li te oblije mete fen nan karyè li nan lane 2018 akoz gwo blese li te genyen nan 2 jenou li yo.
Depi 7 avril 2025 lan jwè foutbòl ayisyèn nan k ap jwe nan Olympique Lyonnais a, Melchie Dumornay, pa t rete nan silans li pa rapò ak move sitiyasyon peyi a ye sitou vil Mibalè. «Se vyolans sa a k ap touye inosan an fini. Ayiti merite rejwenn limyè pase li», se ak pawòl sa yo li te reyaji.
N ap fè konnen, selon Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon (OIM) gen 51 466 moun ki kouri kite kay yo Sodo ak Mibalè.
Òganis nasyonzini an di tou pandan atak sa yo genyen 76 moun ki pèdi lavi yo. Pou byen materyèl yo, li di gen plizyè enstitisyon tankou komisarya, prizon, ponp gaz ak 12 lòt kay bandi boule. Pou sa ki konsènan enstitisyon edikatif yo, yo deklare : «depi lè vyolans lan, tout lekòl Mibalè ak Sodo fèmen pòt yo».
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025