Nan yon nòt Anbasadè Ayiti a nan “Washington” fè soti nan dat ayè lendi 12 desanm 2022 a, li fè konnen fim “Emancipation” kote Will Smith jwe wòl yon esklav ki soti Ayiti a gen erè ladan l. Selon Anbasadè Bocchit Edmond, fim nan gen erè nan dat yo.
Depi 9 desanm ki sot pase a, fim “Emancipation” an disponib sou “Apple Tv”. Fim sa pale sou yon esklav nwa, nèg blan yo ta pran sòti Ayiti pou ale avè li Etazini. Moun ki jwe wòl esklav la se Will Smith. Pandan anpil Ayisyen te apresye fim sa k ap pale sou esklavaj, Anbasadè Ayiti a nan «Washington» fè konnen gen kèk erè nan fason istwa a rakonte nan fim lan.
Anbasad la fè konnen se pa polemik li vle kreye, men pito li vle fè limyè sou liswa sa ki sòti nan peryòd lesklavaj jis pou li rive nan Endepandans peyi a. Anbasad la fè konnen nan moman moun ki fè fim nan di yo te pran esklav la sòti Sendomeng pou ale Lwizyann avèk li a, Ayiti te gentan lib.
“Moun nan pa yon esklav, paske nan moman yo te transpòte l Etazini an peyi a te gentan pran Endepandans li“, se sa nòt anbasadè a fè konprann.
Nan sans sa, anbasadè a fè konnen moman sa yo tèlman enpòtan nan istwa peyi Dayiti, yon moun k ap fè fim sou yo dwe eseye pote anpil presizyon.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022