Anbasad Etazini nan peyi a di li kondane ak tout fòs li atak gang yo fè sou popilasyon Ponsonde a ayè jedi 3 oktòb 2024 la. Anbasad la fè reyaksyon sa sou paj Fesbouk li yon jou aprè bandi nan gang Savyen yo fin fè masak sa.
«Nou voye sensè kondoleyans nou bay fanmi ak zanmi viktim masak ki fèt 3 oktòb la nan Ponsonde. Nou kondane vyolans gwoup ame sa yo ak tout fòs nou», se sa nou li sou paj anbasad la.
Pandantan sa, li pwomèt Etazini ap kontinye sipòte Polis Nasyonal Ayiti (PNH) a ak Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite (MMSS) a. Travay sa ap antre nan jefò y ap fè pou yo kapab ede nan tabli sekirite san pèdi tan nan tout peyi a.
N ap raple, masak gang yo fè sou popilasyon Ponsonde a ayè jedi a lakoz plis pase 70 moun pèdi lavi yo, pami yo 3 ti bebe.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024