Malgre aprann jwe tanbou pa t yon desizyon ki te fasil pou Raoul Junior Vixamar tout moun konnen sou non Youry Vixamar, li pa t kite difikilte yo anpeche l suiv rèv li. Pou li te ka kontinye sou chimen an, li toujou pale ak tanbou l tankou se 2 zanmi pou l di : «Tanbou, ou devan, mwen dèyè w, aprè jodi a anyen pap ka separe nou ankò». Aprè yon lane ap aprann enstriman sa nan ENARTS (Ecole National des Arts), tanbourinè a te pito al pran leson lakay Zamba Zao nan lide pou te ka aprann plis toujou.
Nan zèv Vixamar yo nou jwenn «Gran Bwa», ki te menm mizik ofisyèl nan fim «Freda», aktris Gessica Genéus reyalize. Fim sa te patisipe nan Festival des Cannes nan lane 2021. Mete sou sa, atis la te rive jwe nan plizyè gwo festival entènasyonal tankou MASA, yon festival nan vil Abidjan an 2016 ak festival vodou nan peyi Benin an 2020.
«Plis mwen t ap aprann jwe tanbou se plis mwen t ap aprann sou vodou, sou kilti ak tradisyon nou. Mwen pa inisye nan vodou, men san k ap koule nan venn mwen an se san vodou, relasyon nou pwòch anpil, ni nan nivo espirityèl osnon atistik», daprè pawòl Vixamar. Ak anpil lanmou li kontinye pou l fè diferans ant divès kalte rit yo pou li menm. «Rit tanbou tradisyonèl, fòlklorik osnon rit sakre se baz kreyasyon mizikal mwen. Mwen marye rit yo ak lòt tandans mizik nan mond lan».
Yon pakou akademik difisil
Menmsi Youry Vixamar pase twa lane inivèsite, sòti nan Quiskeya pase nan Ecole de Droit des Gonaives aprè pou l suiv kou maketing nan CISA, pakou eskolè ak pwofesyonèl li pa t fasil ditou. Gras ak entelijans li tou, li te rive aprann tèt li Apikilti nan li liv mete sou eksperyans li sou teren san n pa bliye divès mantò li te genyen tou.
Selon sa li di, li te byen kòmanse lekòl, men koze yo ta pral vire tèt anba pou li akoz move atitid li te genyen kòm elèv. Men sa li di sou peryòd sa a nan lavi li : «Mwen te yon jèn ti rebèl tou, ni lakay, ni lekòl, mwen te toujou ap defye prensip ki te la yo. Tankou mwen te toujou ap mande tèt mwen poukisa tèl koze fèt tèl jan e poukisa li pa ka fèt konsa. Pi souvan mwen konn al chèche repons a kesyon an, epi jan l pase li pase. Tout bagay sa yo ak anpil lòt ankò fè m pran echèk sou echèk nan lekòl, poutan se pa nan fomasyon mwen sou tè a. Paske, jodi a mwen konsidere li kòm yon pati nan eksperyans mwen ki fè mwen moun mwen ye a e ki la jodi a pou pale sou sa a».
Tanbourinè a te pase twa lekòl nan klas segondè yo. Collège St. Pierre, Petit séminaire St. Martial ak Collège Excelsior, malgre sa a li pa t pase nan egzamen bakaloreya lè l te nan klas reto. Aprè echèk sa a, li te deside pa tounen lekòl ankò, li rakonte li te pito koute vwa ki anndan l lan pou l te ale enskri nan ENARTS. Aprè kèk tan, li te retounen al konpoze jouktan li fini nan filo antanke kandida lib. Li enpòtan pou nou di, nan epòk sa, yon moun te ka aprann kou sa yo nan lekòl atizay sa a ki anba zèl Ministè lakilti peyi a san yo pa t bezwen fini lekòl.
Yon zèv inik pou pwomosyon lang ak kilti kreyòl
«Mwen pa chwazi lang kreyòl la sou lang fransè a, mwen chwazi lang ki pèmèt mwen eksprime m pi byen an e pi klè a. Mete sou sa, lang sa a senbolize rezistans ak tèt ansanm zansèt nou yo te fè pou yo te ka kominike ant yo jiskaske yo te rive batay pou endepandans ak souvrènte peyi n jouk jounen jodi a», se sa atis la fè konnen sou kesyon lang li chwazi melanje ak zèv li yo.
Kòm moun ki gen lanmou pou lang kreyòl la mete sou konesans li jwenn sou wout li, ansyen etidyan ENARTS la gen plizyè mizik tankou : «Grand Bwa» nan lane 2017, «Banm rasin mwen» an 2018, «Maji» an 2020. Nan lane 2021 li te menm pibliye albòm li ki gen pou tit «Dekolonizasyon», epi an 2024, li te fè «Manman mwen». Malgre tout sa yo, pou Vixamar, pi gwo zèv li se chimen li jwenn atravè direksyon li nan mond lan ak albòm li an.
Selon li menm, albòm «Dekolonizasyon» an se yon koneksyon osnon yon rekoneksyon ak rasin Ayisyen ki gen tout sa nou bezwen pou pwogrè fizik, mantal, espirityèl, sosyàl, politik ak ekonomik. Li eksprime sa depi nan vizyalisasyon sa a li vle kreye a. Youry Vixamar kolabore ak plizyè lòt atis pami yo nou ka site Riva Nyri espesyalman sou mizik «Gran chemen» nan lane 2020. Ane sa a, li anonse l ap mete ansanm ak Mileva Roumer, yon ekriven-powèt, pent ak ilistratris sou yon pwojè inik.
Menm jan ak anpil lòt moun, sitiyasyon peyi a afekte atis la anpil. Men, li pa gade sou sa. Se sa ki fè li deside pote konsèy li pou tout jèn k ap sibi fenomèn sosyàl, politik ak ekonomik yo an Ayiti : «Pa mande tèt ou kisa peyi a ka fè pou ou, men mande tèt ou kisa ou ka fè pou peyi a».
Romy Jean François
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025