Nan yon mesaj li rann piblik Rektè inivèsite Kiskeya a, Jacky Lumarque anonse lanmò chèf kominikasyon yo a Alain Sauval ayè dimanch 20 oktòb 2024 la. Divès pèsonalite ak òganis Sauval te kolabore ansanm ak yo pa kache tristès yo pa rapò ak nouvèl sa a.
«Yon zanmi atachan, yon kolaboratè angaje, yon konseye ki te enspire m, se tout sa yo ou ale ak yo zanmi m Alain Sauval», daprè mesaj sa Jacky Lumarque te ekri sou kont fesbouk li ayè dimanch lan. San bay rezon lanmò mesye Sauval la, li fè konnen se yon gwo vid lanmò sa vin mete nan mitan yo sitou nan inivèsite a.
Se menm konsta a tou pou plizyè lòt estrikti ak pèsonalite tankou ansyen minis kominikasyon an Pradel Henriquez, Centre Muse Haïti, CESPA Haïti ak medya anliy Le Quotidien News.
Alain Sauval se yon sitwayen fransè ki t ap viv an Ayiti, li se ansyen diplomat fransè ki te sèvi nan plizyè peyi tankou Ayiti, Lasuis, Wanda ak Tinizi. Nan lane 2007 pou rive 2011 li te direktè Enstiti Fransè Ayiti (IFH). Pou sa ki konsène nivo entèlektyèl li, li te yon doktè nan Lang, Literati ak Sivilizasyon Jèmanik, li te pwofesè an Frans e li te resevwa plizyè pri ladan yo nou jwenn : Chevalye Lòd Merit Repiblik Federal Almay epi an Frans li te resevwa Chevalye Lòd Merit ak Ofisye Palm Akademik.
N ap soulinye, nan lane 2021 sitwayen fransè a, ki te konseye jounal Le Quotidien News tou, te sibi zak kidnapin an Ayiti. Kote li te pase anviwon 3 semèn nan men kidnapè.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024