Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre ayè vandredi 21 fevriye 2025 lan, 25yèm jounen entènasyonal Lang Matènèl. Nan Okazyon sa a, nouvo prezidan AKA a, Rosilia François Corneille raple kòman li enpòtan pou enstitisyon an kapab kontinye goumen pou mete valè sou lang kreyòl ayisyen an.
«Nou ap kontinye fè wout pou nou rive kase chèn mantal la nan sèvo pèp Ayisyen an. Nou menm nan AKA nou rekonèt nou ranpòte anpil batay pou lang kreyòl ayisyen an rive jwenn plas li merite tout bon vre a», daprè deklarasyon nimewo 1 AKA a, Rosilia François Corneille. Nan sans sa, li soulinye yo ap toujou bezwen sipò tout moun pou kontinye batay sa a, sitou leta pou kapab ede yo nan jwenn finansman.
Se anba tèm “lang kreyòl ayisyen an zouti rezistans pèp ayisyen an” responsab AKA yo te selebre jounen sa a. Se pou sa, nan diskou sikonstans li a, Akademisyèn Corneille rete kwè menmsi gen anpil Ayisyen deyò peyi a, men yo rete atache ak lang kreyòl ayisyen an.
Li pousuiv pou di se : «Paske Lang sa a se chwal batay nou nan tout moman lagè pou lendepandans la. Epi se li ki toujou sèvi nou kòm prensipal zam nan tout konba n ap mennen pou nou rive viv nan yon sosyete ki chita sou demokrasi, respè dwa moun. Epi Kote tout moun santi yo ap viv tankou moun tout bon».
Li envite tout moun pou mete men nan pat la, paske li estime li pa posib pou jis kounye a pou lekòl yo, enstitisyon piblik yo, gwo chèf yo derefize pale kreyòl nan gwo diskou yo epi deside kondane sila ki pale l yo. Akademisyèn nan mansyone gen lekòl ki toujou ap sanksyone timoun dèske yo pale kreyòl.
N ap soulinye, nan jounen selebrasyon sa te genyen plizyè pèsonalite ak reprezantan plizyè enstitisyon. Pami yo te genyen Rektè inivèsite leta Ayiti a (ILA), Fritz Deshommes ki te fè diskou li a anliy, sou platfòm zoum, Direktè fòmasyon nan sekretarya deta, Daniel Nicolas, epi reprezantan minis lakilti ak Kominikasyon an, Paul Villefranche.
Yon lòt bò, te genyen direktè jounal Bon Nouvèl, Pè Gary Bastien, direktè jeneral Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal-SAKS, Wisvel Mondelis, ak atis tankou, Ti Sixto, epi Fameuse Maude pou animasyon mizikal la.
«Onore lang matènèl nou se onore zansèt nou yo. Viv Lang kreyòl ayisyen an, viv Alademi Kreyòl Ayisyen an, Viv pèp ayisyen an», Se konsa premye fanm ki vin prezidan AKA a, Rosilia François Corneille, te mete yon bout ak lapawòl li te pran pou sikonstans lan.
N ap fè konnen, se depi nan lane 1999 Òganizasyon Nasyonzini pou Ledikasyon, Syans ak Lakilti (UNESCO) te apwouve jounen selebrasyon sa nan yon konferans jeneral yo te fè. Epi tout mond lan te kòmanse vin selebre Lang Matènèl depi nan lane 2000 yo.
Achille Marie Mika
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025