Daprè jounal dominiken an, Diario Libre ajan dwanye yo sezi 37 zam nan pò Haïna a. Nan yon atik li pibliye 24 fevriye pase a, li soulinye zam sa yo te sòti Brooklyn, Etazini jis yo rive lakay yo.
Daprè sa jounal la revele, zam sa yo ki te kache anndan yon konntenè te genyen ladan yo 30 fizi diferan kalib. Te genyen 6 pistolè Glock, modèl Gen 5, kalib 9 milimèt ak yon pistolè Smith ak Wesson, modèl SD9 VE kalib 9 milimèt ak 37 chajè.
Pandantan sa, li eksplike se gras ak itilizasyon eskanè X-ray otorite dwanyè yo rive sezi zam sa yo, puiske yo soulinye se atravè li menm yo te rive byen wè pwodui sa yo ki t ap pase nan kontrebann nan.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025