Daprè Listín Diario, ajan yo nan Direksyon Jeneral Dwàn (DGA) Sendomeng nan dekouvri 36 000 bal pou diferan zam nan pò Haina a. Selon atik yo pibliye jodi madi 4 mas 2025 lan, bal sa yo te dwe antre Ayiti, alòske nan moman an gang yo pa sispann touye manm popilasyon an.
«Daprè yon nòt pou laprès, dekouvèt sa a fèt aprè yon enspeksyon ki te fèt nan tèt kole ak Ministè piblik la nan yon konntenè ki t ap sòti Miami, Florid. Li te gen pou l ateri Ayiti», selon detay medya dominiken an bay.
Anplis kantite katouch sa yo, ajan dwanye yo jwenn tou 18 chajè fizi, 13 chajè 9 milimèt, yon chajè fizi kalib 50, ak 23 zam ki te sòti Etazini. Pwodui sa yo, otorite yo jwenn yo Haina pandan yo t ap antre Ayiti, selon sa jounal la presize.
Selon yo menm men tout sa ki te nan konntenè a : yon fizi barèt 50 milimèt, 17 fizi 7.62-kalib, yon fizi kalib 9, 5 pistolè Glock, 9 milimèt ak yon mitrayez “Uzi“.
Nouvo pwodui sa yo ajan dwanye yo sezi a vin ogmante 37 lòt zam yo te sezi nan menm pò sa, selon sa jounal la rakonte. Yo pwofite anonse ankèt sou dosye sa ap kontinye nan kowòdinasyon ak Biwo Pwokirè a, J-2 Depatman Defans la, Biwo Envestigasyon Sekirite Enteryè Etazini (HSI) ak lòt ajans sekirite yo. Tout jefò sa yo ap fèt yon fason pou kapab detèmine kilès ki responsab trafik zam sa a epi aplike lalwa kont yo.
Se nan sans sa a, DGA bay asirans l ap kontinye batay pou tabli lapè sou teritwa dominiken an ak nan tout rejyon an. An menm tan, yo estime zam yo te sezi avan yo se te yon gwo kou pou trafikan yo.
N ap soulinye, nan marchandiz yo te jwenn nan kontrebann semèn pase a, otorite ladwàn yo te jwenn 30 fizi diferan kalib, 6 pistolè Glock, modèl Gen 5, kalib 9 milimèt ak yon pistolè Smith & Wesson, modèl SD9 VE, kalib 9 milimèt, 37 chajè fizi.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025