Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

AHML te patisipe nan 2 jounen atelye DGPC te fè pou jounalis yo

Mag Haiti by Mag Haiti
August 15, 2024
in Société
0
AHML te patisipe nan 2 jounen atelye DGPC te fè pou jounalis yo

Asosiyasyon Ayisyen Medya Anliy yo (AHML) atravè plizyè manm te fè gwo deplasman pou te patisipe nan atelye fòmasyon Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC) te òganize 13 ak 14 dawout 2024 pase a. Se anba tèm “kominikasyon kriz ak jesyon riks katastwòf” 2 jounen fòmasyon ak egzèsis tab sa yo te fèt nan lokal enstitisyon an nan prezans divès gwo responsab.

Pou premye jounen atelye a ki te fèt madi 13 dawout la, Premye minis Garry Conille te louvri aktivite a pandan l te pwofite raple enpòtans reyalizasyon sa yo. Se menm jan an tou, responsab yo nan enstitisyon an te pran douvan pou te pèmèt aprantisaj la te fèt byen epi fè egzèsis similasyon pou te mete tout konesans yo an pratik.

“Kominikasyon ak sansibilizasyon nan jesyon riks ak dezas rete yon bagay ki plis pase enpòtan nan jwenn solisyon ak tout kriz peyi a ap konnen“, daprè deklarasyon chèf gouvènman an. Yon lòt bò, chèf primati a te pwofite fè jounalis yo konnen yo se aktè ki enpòtan nan fòme epi enfòme popilasyon an nan tan nòmal ak nan tan ki gen ijans yo.

Pou sa ki konsène 2yèm jounen an, direktè jeneral la, Emmanuel Pierre te fè gwo rale sou defi yo, e plizyè lòt responsab keseswa nan Inite Idwometeyowolojik Ayiti (UHM) oubyen nan Pwoteksyon Sivil te montre kilè li enpòtan pou enfòme popilasyon an e siyifikasyon koulè alèt ki konn bay yo.

N ap soulinye nan aktivite sa tou, reprezantan medya ki te la yo te gen chans fè echanj ant yo ak responsab yo epi te rive bay kèk estrateji kominikasyon ki ale ak sitiyasyon ijans yo. Bò kote pa direktè Emmanuel Pierre, li deklare se yon bon baz pou yo menm e yo satisfè pou jan sa te fèt la.

“Nou te planifye e yo reponn apèl la se yon santiman satisfaksyon pou nou, nan mezi kote kalite deba yo, moun ki te prezan yo, echanj yo pwouve se yon retisit“, se pawòl nimewo 1 nan DGPC a ki anonse Gran nò a ak Sid la yo menm tou ap gen pou benefisye seyans pa yo tou.

Mag Haiti, Hpost5, Haiti Live News, le Facteur, Vmagazine, T-Check, Ted’Actu, Le Courrier de la Nation, Le National, Alolakay TV, VOA KREYÒL, Enquet’Action, Entretien 2000 se pami divès medya ki te patisipe nan atelye fòmasyon sa.

sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 516
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

3 759 moun mouri ak blese anba bal bandi pandan 6 premye mwa 2024 la

Next Post

Yon polisye 24yèm pwomosyon mouri anba bal bandi Bèlè

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Yon polisye 24yèm pwomosyon mouri anba bal bandi Bèlè

Yon polisye 24yèm pwomosyon mouri anba bal bandi Bèlè

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,037)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,806)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,872)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?